WASHINGTON, DC —
Daprè sa yon avoka ameriken fè konnen, Michael Cohen, yon espesyalis an dwa ki gen lontan depi l ap travay kòm avoka pèsonèl Prezidan Donald Trump e ki twouve l anba ankèt lajistis amerikèn poutèt li ta sèvi ak mwayen ilegal pou l fè travay li-- te travay an sekrè kòm konseye legal yon animatè pwogram televizyon ki rele Sean Hannity, yon gwo fanatik Prezidan Trump.
Se yon avoka Mèt Cohen menm ki revele nouvèl la pandan avoka sa a t ap fè depozisyon li nan jounen lendi 16 avril la nan yon tribinal Federal nan vil New York, kote ni avoka Misye Cohen, ni avoka Prezidan Trump mande jij la pèmisyon pou yo pase an revi dokiman ak dosye ajan FBI te sezi semèn pase a pandan desant-de-lye yo te fè nan kabinè Avoka Michael Cohen, nan rezidans prive li ak yon chanm li genyen nan yon otèl nan kad ankèt lajistis ap mennen sou finans Mèt Cohen.
Ankèt sa a gen rapò ak akizasyon kòmkwa Mèt Kohen, an tan ke avoka Prezidan Trump, ta peye yon dam ki abitye jwe nan film porno (non li se Stormy DANIELS), ak yon aktris magazinn dekolte Playboy (ki rele Karen McDougal) pou medam sa yo pa t pale de relasyon seksyèl yo te genyen avèk Donald Trump anvan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.
Se avoka k ap defann youn nan medam yo, Mèt Michel Avenatti, ki revele non animatè televizyon Sean Hannity kòm yon posib kliyan Mèt Cohen, avoka pèsonèl Prezidan Trump la. Mèt Avenatti deklare:
"Mwen panse sa k pase la a se yon gwo kokenn afè. Mwen panse tou jan sa pase jodi a, avoka k ap defann Michael Cohen nan sakrifye totalman Sean Annity; paske, sa ki enterese avoka Cohen nan se plis pwoteje Prezidan an ke pwoteje Sean Hanniti. Men, an n kite yo rezoud pwoblèm sa a pou kont."
Imedyatman aprè avoka Prezidan Trump la, Michael Cohen, te kite tribinal la nan Manhattan, New York, lendi 16 avril la, se pa ti kritik Sean Anniti pat resevwa poutèt li pa t kite piblik la konnen li te gen bon jan rapò ak avoka Prezidan an alòske se ak kout boulèt wouj li t ap tire sou Biwo Ankèt Federal la (FBI) nan pwogram radyo ak relevizyon l yo poutèt ajan FBI t ap mennen envestigasyon sou Mèt Cohen. Pou Anniti defann tèt li, li ekri sou kont Twetter li, "an tan ke animatè pwogram sou chèn televizyon FOX NEWS, mwen pa yon kliyan Mèt Michael Cohen", menmsi li abitye mande Mèt Cohen opinyon li sou kèk sijè ki gen rapò avèk lajistis.