Nan yon videyo ki pibliye sou paj facebook Ministè Kominikasyon, Ministè komés ak endistri ap anonse piblik la an jeneral, ke li lanse yon dezyém kòwòt pou li rekrite 1000 Antrepriz. Antrepriz sa yo, ap chwazi apati de pwojè yo genyen. Nan konkou sa tout komin nan peyi ap reprezante.
Pou yon Antrepriz enskri nan konkou sa, li ap monte sou sit PAPEJ la ki se www.papej.ht, epi li ap telechaje kaneva plan afè (pwojè). Aprè sa l'ap voye pwojè a nan imèl sa info@papej.ht
Selon sa Ministè a fè konnen, men lis kritè ki kapab ede pwojè ou a seleksyone:
- Fòk lide w la inovan, epi fok li kapab bay plizyè moun travay.
- Montre motivasyon w, mete tèt ak youn oubyen plizyè lòt jèn antreprenè.
- Lajan w'ap gen bezwen an pa dwe depase yon milyon goud.
- Fòk patisipan yo gen pi piti pase 40 lane.
Aplikasyon pou patisipe nan konkou sa ap posib depi jodia rive jiska 30 Mas 2020.
Marvens SÉNÈQUE
marvensseneque0@gmail.com
PRESSLAKAY