Lisez l'intégralité de la note de la compagnie Digicel. Un avis important publié par ladite compagnie ce jeudi 30 avril 2020 afin de porter des explications sur le processus de décaissement du transfert d'argent via Mon Cash et surtout d'alerter la population vis-à-vis des citoyens mal intentionnés qui tenteront par tous les moyens de soutirer de l'argent pendant le déroulement du processus. À travers cette note, la Digicel apporte des informations utiles concernant l'inscription pour avoir un compte Mon Cash.
*lisez ci-dessous l'intégralité de la note.
MONCASH: ENFÒMASYON OU DWE KONNEN SOU DEBOUSMAN GOUVÈNMAN AN
AVI ENPÒTAN
Gouvènman an chwazi sèvis MONCASH nou an pou akonpanye popilasyon an nan moman kriz Kowonaviris sa. Digicel vle toujou ka pote kontribisyon li tout fason sa posib, e Moncash se yon zouti ki ka pèmèt fè debousman yo pi rapid e an plis sekirite.
Jodi 30 Avril la, pwosesis dekèsman an kòmanse. Men nou vle klarifye, se pa tout depo yo k ap fèt yon sèl kou. Gouvènman an idantifye yon premye lis 22,888 moun k ap resevwa montan pa yo nan dat 30 Avril sa.
Debousman yo ap fèt gradyèlman, e benefisyè yo ap enfòme lè dekèsman ap fèt pou yo.
Otorite yo ap fè anons lan ofisyèlman. Nou menm nan MonCash, n ap alète chak benefisyè tou aprè depo a fin fèt ak yon konfimasyon SMS.
Pa bliye, lè w ap resevwa SMS sa a, ou pral wè se MONCASH ki voye l pou ou. Pa gen ankenn lòt nimewo ki pral voye mesaj sa pou ou. Si ou wè se yon nimewo òdinè ki di w pami benefisyè yo, inyore mesaj la.
Voye jete tout lòt mesaj oubyen apèl ki ta vle fè w kwè ke w benefisye lajan an, ke w dwe antre yon kòd pou w jwenn li. Lajan w ap resevwa a, ou p ap bezwen lòt kòd pou w jwenn li. Lè ou fin resevwa konfimasyon SMS la, annik ou ka gade balans ou ak 20241kòdsekrèa# a epi wè montan lajan an sou kont ou.
Nap enfòme tout kliyantèl nou an ke lis benefisyè yo ap sòti nan gouvènman a. Digicel pa enplike nan miz an plas lis sa yo.
Nou vle presize tou ke menm yon moun ki poko gen kont Moncash ka sou lis yo a. Men si ou poko gen kont, n ap kontakte w pou enfòme w pa SMS, e ou ka louvri kont ou fasilman ak kòd *202# la. Si ou bezwen asistans, ou ka toujou rele nan 202 a tou.
Enfòmasyon Itil
1- Si w poko gen kont Moncash, w ap annik fè *202# epi swiv enstriksyon yo pou w enskri;
2- Si w bliye kòd sekrè kont MonCash ou, rele nan 202 oubyen kontakte nou nan paj ofisyèl nou yo sou rezo sosyal yo, yon ajan ap asite w.
3- Si w bezwen konnen ki kote ki gen yon ajan MONCASH ki pi pre w konpoze *212# epi swiv enstriksyon yo oswa itilize aplikasyon MonCash la;
4- Si w bezwen verifye balans ou konpoze *20241*kòdsekrèa#.
Rete vijilan !