Depi anviwon 2 semèn, anpil fanmi kite lakay yo nan Matisan pou t ale pran refij sou plas Fontamara, monte Kafou nan sant espòtif la akoz goumen ki eklate ant gwoup ame Gran ravin fas ak Tibwa.
Imaj k ap sikile epi temwanyaj ki rive jwenn nou nan redaksyon jounal la montre moun ki deplase yo ap viv nan kondisyon ekstrèmeman difisil. Se nan menm lide sa yon ekip radyo Limyè te deplase ale nan sant espòtif la epi fè pwòp konsta yo.
Vanessa Leger Dorelien ki se jounalis radyo sa epi inisyatris pwogram "Men Kontre pou timoun Matisan yo" te eksplike pou di yo konstate gen èd ki rive jwenn moun yo men pa gen èd pou timoun piti yo pandan timoun yo te nan nesesite. Se nan lide sa ekip la vini ak pwogram sa pou timoun 0 jiska 12 lane.
Ekip la deside ede timoun 0 a 12 lane. Nan koumansman yo te prevwa ede 200 timoun men efektif la vin ogmante akoz lòt moun k ap rive nan espas sant lan ki fè ekip la mete efektif la jiska 300 timoun, selon Vanessa.
Sa ekip la prevwa bay nan pwogram sa se bibon, daypè, poud, savon, leyèt elatriye, ki se atik bebe. Pou pwodui pwòprete se likid, mistolin, alkòl, klowòks, swavitèl. Pou manje pou timoun se jèbè, lèt, sereyal, pen, fwomaj, konnflèks, bonbon, sirèt, kilòt, chosèt, sandal, tenis, barèt, ne, kalson, pat, bwòs dan elatriye.
Vanessa Leger Dorelien fè konnen gen moun ki koumanse fè yo kado lajan ak materyèl kòm don pou timoun yo. Li te pwofite remèsye kèk moun ak enstitisyon ki fè yo don. Tout fwa inisiyatris pwogram sa fè konnen don yo poko sifi pou sa yo konte met nan kit pou timoun yo pou touche plis timoun.
Se nan sans sa li fè apèl ak enstitisyon peyi a, bon pwochen ki gen posiblite fè don. Moun ki vle fè don lajan ka fè li pa Mon Cash nan 3766 1046/ 4702 0597 epi 3785 8238. Oubyen moun yo ka pote don yo nan Radyo Limyè ki nan Kot plaj 16 komin Kafou. Si moun nan anndan Sant vil Pòtoprens li ka pote don pa l la nan Près Evanjelik yo ki ap resevwa don tou.
Apre pwogram sa Radyo Limyè deside rete kanpe bò kote fanmi refijye yo si tout fwa enstitisyon, antrepriz, patikilye yo deside fè yon pwogram dirab pandan Vanessa di l rete kwè se Leta ki dwe premye aktè prensipal pou pèmèt moun yo rantre lakay yo.
Konsè a pou fini te remèsye tout moun ki kontribiye, ki pral kontribiye epi asire tout moun ke èd la ap rive jwenn timoun yo.