Rèv konsidere tankou yon mwayen ekspresif sibkonsyan nou. Daprè ekspè nan rèv yo, pandan moman somèy, sa ki gen pou wè ak sitiyasyon vi nou, eksperyans kotidyèn nou yo kapab parèt. Kisa sa vle di pou yon moun ki reve ansyen Mennaj li (Èks li) ? Sullivan Walden ki se yon espesyalis nan rèv ap reponn nan yon entèvyou li bay magazin Bustle.
Anpil fwa nou konn panse nou fè kwa sou pase santimantal nou, men san nou pa envite yo, yo konn rive reponn prezan nan rèv nou. Daprè ekspè Sullivan li enpòtan pou yon moun ou pase anpil moman nan vi w toujou gen yon plas enpòtan nan ou menm. “Pafwa reve yon ansyen Mennaj ou kapab yon siy nostaljik oubyen frivòl. Aspè rèv sa tou konn kite nou nan konfizyon”, fè konnen Sullivan.
Reve X ou pa vle di tou ou vle viv yon moman espesyal avèk li ankò, men pito li kapab yon revelasyon sou anpil bagay sou ou menm ki kapab sèvi w pou w evalye tèt ou epi fè yon oto-analiz krisyal. “Rèv ou yo ka ede w jwenn maji, pasyon, inosans, konfyans, jwa pou w viv sa w te pèdi san ou pa janm wè moun sa tout bon sou nenpòt ki rezo sosyal” eksplike Sullivan.
Rèv nou sou relasyon pase nou yo, se yon opòtinite pafwa lespri k ap dòmi nan you ba nou pou nou evalye yon lòt fwa bagay yo nan yon pwen ki plis gen matirite, pou nou trete yo epi mete yon fen ak tout sa k ap toumante sibkonsyan nou. “Nou dwe aprann dekripte yo” daprè ekspè a.
Ou kapab tou, toujou gen yon santiman pou ansyen Mennaj ou lè w reve l, sitou si nou apèn kite. Sa vle di w poko prè pou w regle lòt aktivite nan konsantrasyon paske l manke w. Lauri Quinn ki se tou espesyalis nan domèn sa fè konnen tou, li pa oblije se yon fèb pou w gen pou li si w reve l, se jis pafwa yon siyal sou yon afè ki poko fin regle.
Li konn tou yon alèt pou mete w an gad. Si X ou a te yon moun ki brital, li konn leve men sou ou epi w reve l, se kapab yon siyal pou di w fè pridans ak demen. Kidonk ou kapab tonbe nan menm relasyon toksik sa ak yon lòt moun. Rèv la pa konsène tout bon ansyen mennaj ou, se yon mesaj pridans.
Li enpòtan pou w aprann dekòtike tip rèv sa yo. Lauri Quinn mande pou nou kesyone nou nan ka sa. Kapab se yon bagay ki antoure yo oubyen relasyon sa ki se yon kle sibkonsyan nou ap eseye demele oubyen atire atansyon nou.