Al Duniel Dimanche se non yon nouvo akademisyen ki antre nan Akademi lang Kreyòl Ayisyen an. nan yon lèt Akademi Kreyòl Ayisyen an voye bay nouvo Akademisyen an li enfòme l de chwa li pou vin entegre AKA ki se Akademi lang Kreyòl Ayisyen an.

Enstitisyon an di li bat bravo pou entère Al Duniel Dimanche montre poul vin fè pati antite sila.
Desizyon sila bay posibilite ak nouvo akademisyen an poul kore jefò kap fèt pou bay plas ak lang Kreyòl nan soyete a kòm lang nasyonal ak lang ofisyèl peyia.
Konsèy Administrasyon Akademi an di li kontan pou anonse ak Al Duniel Dimanche gwo nouvèl sila ki pran nan asanble general ekstrawòdinè.
Ann raple Akadmi Kreyòl Ayisyen an se zouti ki la pou defann ak fè avanse lang kreyòl lan nan peyia. Li la tou pou fè pwomosyon pou avansman lang nan.