Toujou nan lide pou mande Jovenel Moïse kite palè a, jodi dimanch 21 fevriye 2021 an, anpil sitwayen te reprann beton an pou manifeste kont pouvwa defakto a ki daprè yo ap enstale diktati nan peyi a, epi akize Jovenel Moïse kòm responsab ensekirite anndan peyi a.
Mach sa ki te gen ladan l kèk reprezantan sektè mizikal la tankou, « Bricks » ak « Izolan » Barikad Crew te demare ak yon foul ki t ap sot sou channmas pou pase sou wout lali epi al jwenn yon gwoup ki te deja ap mobilize nan kafou Ayewopò.
Plizyè bann rara ak kèk machin ki t ap jwe mizik angaje te kreye anpil animasyon nan foul la, sa ki te fè moun yo motive plis pou mache.
Aprè rankont foul yo nan nivo kafou Ayewopò, yo te mete tèt yo nan direksyon otowout Dèlma. Anpil kawotchou t ap boule sou tout pakou a. Rive nan kafou Dèlma 32, polisye CIMO yo anpeche foul la pran direksyon petyonvil yon lòt fwa menm jan ak dimanch 14 fevriye a. Yo te kwaze 2 kamyon dlo grate yo anba pasrèl la. Militan yo te fache epi tire wòch. Polisye yo tou te reponn militan yo ak anpil kout wòch epi anpil gaz lakrimojèn ak dlo grate.
Sòti Dèlma 32 pou pran direksyon lali pou desanm channmas, yon gwoup manifestan te tou pwofite kite anpil wòch ak moso bwa nan wout la. Rive channmas yon lòt eskonbrit ta pral deklare ant polisye UDMO ak militan aprè kèk endividi t al tante met dife nan baz UDMO a ki sou Channmas la.
Anpil bal reyèl, gaz t ap tire sou tout channmas la, militan yo ki te gaye nan tout kwen t ap tire boutèy ak wòch sou polisye yo.
Anba anpil sènay ak wòch polisye yo te vin rive kontwole sitiyasyon an aprè yo te fin bonbade tout channmas la ak gaz ak anpil katouch. Pa gen moun ki viktim daprè sa repotè nou konstate.
Maxime Louissaint