AYITI/AGRIKILTI SÈKALASOUS : DISTRIBISYON ANVIWON 6.000 PLANTIL
Moun Sèkalasous pa rete endiferan nan okazyon fèt agrikilti ak travay la, manb Union des Citoyens Actifs pour la Renovation de Cerca-La-Source ( UCAREC ) distribiye epi plante jounen madi premye me a, anviwon 6 000 ti pye bwa nan divès lokalite nan komin Sèkalasous, selon sa prezidan òganizasyon an, Jacques Cesaire Simon, fè konnen.
Yo plante plantil sa yo plis nan Tranble, Lagwadabye, Pakas ak lòt kote ankò, nan premye seksyon kominal kajou brile 1 ak dezyèm seksyon kominal kajou brile 2.
N’ap raple, Jacques Cesaire Simon, se yon aspiran kandida pou depite pou komin Sèkalasous. Mesye Simon mande ak tout lòt òganizasyon parèy li yo andan peyi an pou yo fè menmjan ak UCAREC, an n’ met tèt ansanm pou n’ rebwaze peyi an paske se pou nou li ye.
Gulnave Mathurin
gulnavemathurin@gmail.com