Ayiti- Politik: ODEP Nót pou laprès
Pòtoprens Madi 21 Novanm 2017
Nót pou laprès
Direktwa ODEP -Haiti ap retire chapol byen ba pou l salye epi remèsye tout òganizasyon politik, ansyen palmantè ki sòti nan divès rejyon, sendika, asosyasyon konsomatè, òganizasyon popilè, òganizasyon etidyan, òganizsyon jenès manm ODEP Haiti kite reponn prezan nan lansman ofisyèl gwo zouti politik sa a. Nou menm militan ak kad te sòti nan 10 depatman peyi a sitou nan bidonvil yo, san nou, kokenchen evènman sa a patap posib.
Gras ak travay chak òganizasyon ak pèsonalite manm ODEP Haiti jounen sa a tounen yon veritab reyisit. Nou plis pase yon milye delege kite soti nan zòn metropolitèn ak nan vil pwovens yo pou vinn montre angajman nou ak regwoupman polittik sa a k nou pran plis pase 6 mwa ap konstwi. An verite prezans nou evènman politik sa a malgre move tan se yon prèv travay la pote fwi kidonk li pa pèdi.
Malgre tantativ pou jete diskredi sou nouvo konba nou angaje jodi a, prezans nou an foul nan lansman zouti politik nou an montre nou fè moun kap dirije l yo konfyans. Chapo ba pou nou kamarad yo, direktwa ODEP Haiti a pran nòt.
Jounen madi sa a make yon chanjman nan batay politik la kote definitivman militan, jèn kap fè politk jwen yon estrikti politik kap pale yon pawòl nouvo, yon pawòl ki makonnen ak lavi peyi epi lavi pa yo chak jou.
Nou pa ka remèsye tou zanmi laprès yo kite reponn prezan pou te pèmèt pèp la viv èvènman sa a .
Oryanrasyon Démokratik pou Ayiti (ODEP Haiti) pran angajman pou l prezante yon lòt òf politik bay peyi a pou rebay majorite silansyez la konfyans nan aktè politik yo. An verite aprè nou finn fè bilan batay la, nou kwè l te nesesè pou pote yon nouvo souf nan politik la. Nou deside fè politik la yon lòt jan e nou kwè li pa enposib. Defi yo anpil men sin mete men nap rive.
Se pou sa ODEP Haiti deside envesti nan fòmasyon militan yo sou plan profesyonèl ak akademik. Nou pran angajman pou n pa sèlman itilize militan nou ak lòt kad kap swiv nou yo nan yon batay opozisyon san fen men poun mete konesans nan tèt yo ak pwofesyon nan men yo pou yo asire avni yo.
Konsa nou mete kanpe sou pye yon selil kap fè demach non sèlman pou jwen bous etid pou jèn yo men tou fòme yo politkman pou yo ka asire la relèv. ODEP Haiti di militan pa Metye!
Sak pi enpòtan pou nou se batay pou yon veritab inite nan mitan sektè demokratik la poun reprann pouvwa a nan men ladwat epi travay pou progrè tout peyi a.
ODEP Haiti kap fè yon opozisyon responsab ap pwofite raple pouvwa k chimen bouton se chimen maleng. Sil fèmen zòrèy li poul pa tande revandikasyon pèp la lap peye konsekans enkonsekans li.
An rezime : 1-ODEP Haiti nan konjonkti a ap mennen yon konba nan opozisyon an 2- Nap batay pou Ankadre ak fòme Jèn yo 3- ODEP Haiti ap batay pou yon veritab inite nan mitan sektè demokratik la poun retire pouvwa a nan men ladwat epi bati yon lòt peyi .
Pou direktwa ODEP Haiti
Volcy Assad reprezantan Nasyonal
Ex Député de la 46èm Litz Felix reprezantan Nord Est
Ex Député de St Marc Yves Cajuste reprezantan Artibonite
Ex Député 48èm et 49èm de Grande Saline Fritz Wilbert Deshommes reprezantan latibonit
EX Députe Almétus Junior St Fleur de Cité Soleil reprezantan Lwès
Miche Keder Descollines reprezantan Pitit Desalin
Jean Guerby Estimé reprezan pati PAAM
Sandra Paulemon reprezantan reprezantan OTAN
Jony Jean sendikalis travayè
Rose-Yolaine Etienne Boncoeur sendika pwofesyonèl
Dalès Raymond Pitit Desalin
Jean Mary Jean Opozisyon kale Je
François Jean Ronald Asosyasyon konsomatè
ODEP Haiti, Yon lòt Oryantasyon pou yon lòt politik!