Ayiti: yon gwoup ekriven soti nan silans yo pou denonse zak ensekirite ak kriz k ap brase bil peyia
« Nou menm ekriven ak atis ayisyen, nou voye yon kout lanbi bay sitwayèn ak sitwayen konsekan ann Ayiti tankou lòt bò dlo, pou nou mande yo melanje vwa yo ak vwa nou, pou nou pouse ansanm yon rèl soti nan zantray nou ki di ase! Ase grangou, ase san, ase lanmò, ase kadejak, ase kidnaping, ase dlo nan je, ase fè nwa pou pitit tè a », se sa yo ekri nan yon nòt yo mete deyò pandan finisman semèn nan.

Yo ajoute, move politik ak move gouvènans soti depi diktati Divalye an, rive jounen jodi a, vyole espwa nou, dechire rèv pèp la miyèt moso. Koripsyon se sèl kòk ki chante nan baskou dirijan ki mennen nou jounen jodi a nan bouch twou a.
Li klè pou tout moun relasyon Ayiti ak swadizan zanmi l yo deteryore depi kèk lane. Nou mande nan ki lòt peyi, jodi a, leta etranje yo mete diplomasi sou kote pou yo bay lòd sou rezo sosyo ? Ki lòt konplo kap fèt kont pèp Ayisyen an la a ?
Se sou Tweeter pèp la aprann reprezantan ONI apiye inisyativ makònen gang yo pou ranfòse tout malvèsasyon kap fèt nan peyi a. Se ekspè OEA ak Etazini ki pran pawòl sou Facebook elatriye pou entèprete konstitisyon pèp Ayisyen an nan jan pa yo, pou yo fini pa eksplike nou kilè manda Jovenel Moïse t ap fini. Se sou Tweeter reprezantan ONI remete yon minis demisyonè nan pòs li, pou l revoke aprè yon semèn e nonmen yon lòt.
Nou pa bezwen bay tout egzanp endiyasyon y ap fè nou sibi depi kèk tan nan fas tout moun. Jodi a pwoblèm nan ta sanble se yon zafè lejitimite. Nan non kilès Aryel Henry lejitim? Nan non moun ki te mete l yo ? Moun sa yo pa pèp la antouka.
Se fas a avani sa a yon bon pati nan sosyete sivil la deside pran responsabilite l. Sa l ap chèche se pa yon lejitimite konstitisyonèl, yon bagay ki enposib jodi a ni se pa lejitimite rezo sosyo Madan Lalim, OEA ak anbasadè ameriken elatriye ap distribye pasi pala nan peyi a. Nou rann nou kont swadizan zanmi nou yo pran plezi pou yo kenbe n nan kawo yo mete nou an. Nan mitan kawo, se yon bagay tou nèf ki pou parèt pou kreye yon nouvo lòd.
Kettly Mars, Syto Cavé, Pierre Brisson, Lyonel Trouillot, Emmelyn Cantave, Jean Casimir se kèk pami ekriven ki siyen nòt sila.