AYITI/ENFRASTRIKTI: Pitye pou pasajè Tomasik ak Ench yo
Twonson wout Ench/Tomasik la, nan dènye jou sa yo, nan yon eta kritik, otorite yo nan depatman Sant lan, rete bouch be, bwa kwaze, yo pran pòz manfouben yo, sankoutcha yo.
Se kèk izaje ki t’ap pale ak nou sou pwoblèm wout la ki mande ak senatè yo pou yo ranmase karèktè yo. Yo site Rony Célestin, Wilfrid Gelin, Willot Joseph, otorite nan vil Ench yo, Depite a, Fred Piton pou yo mayè kite salòp paske limit Tomasik ak Ench se ravin sitwon li ye, yo ta dwe gen plis entèrè pou wout Ench/Tomasik la konstwi.
Gulnave Mathurin