mercredi 29 novembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

AYITI/TOMASIK/ESKANDAL

Par La Redaction

 

Se jounen Dimanch 12 Novanm lan, 1 : 00, prezidan konsèy minisipal Tomasik la, Wilma François, nan tèt kole ak lòt responsab yo nan mèri a remèt kamyon chwal yo te kenbe depi ayè Samdi 11 Novanm 2017 la pou Jeremy Daniel, yon pewouvyen.

Se aprè lamèri te fin resevwa trant mil (30 000 ) goud nan men cheve siwo a, chofè a te resi gen aksè pou l' te depalse ak kamyon an, yo rete dwe trant mil (35 000) goud, yo dwe vin vèse nan lamèri nan yon delè 5 jou.

Enfòmasyon yo fè konnen, premye sitwayen komin nan te kaptire machin chwal la pou yon dèt san trant mil (130 000) goud, yon konpayi ki te dwe li, lè sa a se bourik konpayi a te konn vin achte isit tandiske pewouvyen an deklare se pa li ki te dwe majistra a, se konpayi a, se travay li t'ap travay nan konpayi a tousenpleman.

Antouka, divès sitwayen nan komin Tomasik pa janm sispann poze tèt yo kesyon pou yo konnen èske se tout bon vre lajan sa yo majistra yo ap plede ranmase a pral nan kès leta a, aprè pou yo retounen kòm sèvis andan komin nan.

Gulnave Mathurin
gulnavemathurin@gmail.com

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?