Brezil: Yon majistra ak yon ansyen konseye minisipal ki nan kont batay sou yon ring bòks pou jere konfli a

Brezil: Yon majistra ak yon ansyen konseye minisipal ki nan kont batay sou yon ring bòks pou jere konfli a

Yon ansyen konseye minisipal ak yon majistra nan peyi brezil livre yon gwo batay bòks sou yon ring ki rele MMA, aprè yon konfli ki te genyen nan mitan yo.

Ansyen konseye minisipal la menase majistra vil Borba ki sitiye nan nòdwès brezil, Simao Peixoto, l ap kase tout dan nan bouch li. Aprè agresyon an, majistra Peixoto pwopoze ansyen konseye a pou vin defye l sou yon ring nan yon konba bòks.

Devan yon foul chofe, 2 aktè politik yo livre yon batay miskle. Malerezman konseye minisipal la, Erineu Da Silva sòti ak dan l kase, paske se majistra ki sòti genyen nan konba.

Daprè Conflits France, ansyen konseye a t ap kritike majistra pou move jesyon konplèks touristik li.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

%d blogueurs aiment cette page :