lundi 11 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Edikasyon : UPNCH-Soutnans memwa an kreyòl

Par La Redaction
UPNCH


Dorenavan, etidyan nan UPNCH (Université Publique du Nord au Cap-Haïtien/Inivèsite piblik Nò nan vil Okap) ka ekri epi soutni memwa yo nan lang manman yo. Rektora etablisman piblik kote yo ap bay ansèyman siperyè, nan yon sikilè ki te soti 29 jiyè 2022 a te anonse nouvèl la. "Aprè plizyè reyinyon ak yon seri atelye syantifik UPNCH te reyalize nan mwa me 2022 sou metodoloji rechèch ak chwa lang pou redaksyon ak soutnans memwa etidyan yo, aprè konsiltasyon Konsèy Inivèsite a, Rektora ap enfòme tout kominote Inivèsite a, pwofesè, etidyan ak lòt anplwaye yo desizyon sa a. Tout etidyan ki fin swiv tout kou teyorik ak pratik yo nan inivèsite a, avèk akò direktè memwa, kapab chwazi prepare, ekri epi soutni memwa li devan yon jiri soutnans nan yonn nan de (2) lang ofisyèl an Ayiti yo : kreyòl ayisyen oubyen fransè." Se sa nou li nan sikilè sa, Doktè Joram VIXAMAR, Rektè UPNCH la siyen.

Etidyan ki chwazi fè memwa yo nan lang kreyòl "ap jwenn yon akonpanyman lengwistik espesyal yon komisyon revizyon ki fòme pou sa, yon fason pou inivèsite a kapab asire li ke kritè ak egzijans akademik sou nivo lang nan travay memwa yo rèspèkte tankou sa fèt pou tout memwa ki ekri nan lang fransè" te pousib Rektè UPNCH la nan sikilè. Si anpil moun bat bravo lakontantman pou desizyon sa, Iléus PAPILLON li menm pa wè itilite sikilè a. Daprè sosyològ la ki gen yon Mastè nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn tou, Atik 5 Konstitisyon ayisyen an te deja bay etidyan yo posiblite sa lè li deklare: "Gen yon grenn lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se kreyòl. Kreyòl ak Fransè se de (2) lang ofisyèl peyi a."

"Konstitisyon peyi a di klèman peyi a gen de (2) lang. Sa vle di yon moun gen dwa pou li ekri, pou li pwodwi tout sa li vle nan de (2) lang peyi a. Sòti yon nòt pou di etidyan gen dwa fè memwa an fransè oubyen an kreyòl, enplisitman, se di yo pa te gen dwa fè sa" daprè deklarasyon manb Sosyete Koukouy Ayiti ak Observatoire Patrimoine nan. Li te pousuib pou li di kòman li "twouve sa grav paske Konstitisyon an te gentan rezoud pwoblèm sa deja. Pou mwen, se pa yon nouvèl, sa pa te bezwen yon nòt. Te gentan gen yon bann baryè akademik ki te fè etidyan pa te ka fè memwa nan lang peyi yo. Sa ki nouvo se akonpayman nan nivo lengwistik lan paske ka gen mank nan kesyon sa. Men tout inivèsite an Ayiti gen obligasyon akonpanye epi aksepte travay yon etidyan fè nan lang kreyòl."

Francely JOSEPH

LIRE AUSSI

PressLakay