mercredi 29 novembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

End: 33 jèn gason vyole yon adolesan 15 lane

Par Maxime Louissaint
Jovenel Moise peut laisser sa peau au palais national s'il veut rester au pouvoir à tout prix en résistant à la furie populaire !

Nan peyi End, 33 jèn gason pase sou yon adolesan 15 lane yonn aprè lòt, daprè " Times of India".

Se komisè vil la Dattary Karale ki konfime sa, nan yon antretyen ak jounalis, « lapolis vil Dombivli anrejistre yon dosye sou 33 moun ki pran plezi nan patisipe nan vyòl kolektif ». Pami yo jèn tifi 15 lane a.

Tifi sa kòmanse sibi vyòl aprè mari l te fin poste yon videyo kote l t ap agrese l seksyèlman. Aprè sèn sa, zanmi l, ak moun li konnen vyole l kolektivman nan anviwon 4 ak 5 fwa nan anpil zòn diferan.

Pou kounya, 24 moun deja arete nan kad dosye sa. Anpil sitwayen ap manifeste kòlè yo devan pòs polis kote yo mete kadejakè yo. Jèn demwazèl la sante l estab pou kounya, pandan l anba asistans medsen.

N ap siyale nan lane 2020, leta peyi End anrejistre 20 mil ka vyòl sou fanm, malgre modifikasyon lwa sou vyòl yo nan lane 2012.

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?