dimanche 3 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Éske tout ayisyen Se Vodouyizan ?

Par La Redaction

Nan peyi Dayiti depi lontan vodou te toujou rete yon bagay ki pi meprize nan sosyete a . Yon bagay ki te jwe yon wòl si enpotan nan lendepandans nou ta pral oblije tann dat 4 avril nan lane 2003 pou yo rekonèt li kòm yon relijyon nan peyi a nan yon arete prezidansyèl ke ansyen preizidan Jean Bertrand Aristide te pibliye , Ki se yon ansyen prèt nan relijyon katolik. san nou pa bliye diskriminasyon sou tout fom ke vodouyizan yo kontinye ap sibi chak jou kap pase nan sosyete a. Sa ki vinn rann anpil nan yo pè afiche yo tankou sa dwe fèt epi souvan pè di kiyes yo ye.

Dapré listwa tout ayisyen Se Vodouyizan , Ki diferan lé yon moun Ap pratikel lè sa nou pale de sévitè , Se sa tou Ki toujou leve anpil gro refleksyon. Anpil ayisyen toujou inyore Ke yo Se Voudouyizan Pa kont nan tout Sa yap antreprann ou jwenn Vodou a andedanl. Poukisa paran ayisyen toujou pè pale ti moun yo de kilti yo menm jan yo pè pale yo de koze fi ak gason? Sou pretèks ke se bagay djab, yo di moun sa yo pa sivilize . Poukisa li toujou difisil tou pou yon jenn tande mizik rasinn si se pa epok kanaval? se yon bagay ki tris e ki grav anpil pou jenn sa yo kap vini souvan ke nou souvan di ki se yo ki avni peyi a. Kilès ki responsab, eske se leta, moun kap pratikel yo , la près, lekol yo osnon paran yo ki pa fè travay yo?

Si nou ta fè konfyans ak konsyans nou n'ap wè se Nou tout Ki koupab, ministè la kilti nan tout peyi wòl yo se proteje peyi yo kont akiltirasyon sou tout fòm ak pote bon jan estrikti nan kominote kiltirel la. Eske ministè kilti pa konnen vreman wòl yo gen pou yo jwe nn sosyete a? yon sosyete ki pa konn kotel soti, ki kotel prale. yon sosyete ki menm arive bliye kiyes li ye . Poukisa tou se chak moman kanaval nou souvan tande pale de ministè sila nan peyi dayiti?

Gen yon Otè ki di : yon pèp ki evade de kiltil se yon pèp ki kondane poul toujou ret su dominasyon!

Pierre Kevin

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?