Etazini-Politik : Sena a Vote pou Pèmèt Gouvènman an Relouvri
Senatè Sherrod Brown, yon Demokrat Eta Ohio, deklare: « Se yon bòn nouvèl pou peyi a. » Kòlèg repibliken li, Susan Collins (Eta Maine), fè konnen bò kote pa l: « Jodi a se yon jou selebrasyon. Lè gouvènman an fèmen, sa reprezante pi move echèk pou moun k ap dirije nou yo. »