mardi 5 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Ayiti koripsyon, komi'n Lestè frape!

Par La Redaction

Aprè plizyè refleksyon ak chita pale ki fèt, Ronald Casséus kise Yon jèn gason nan lakou lestè nan yon kominike ki pote siyatil ta fèn konnen ke Inyon ewopeyèn detounen yon pwojè Asenisman nan komin Lestè bay yon Oganizasyon ki rele GPROSAD ki gen nan tèt li Rock Eddy Pierre Noël men ki baze nan lakou potoprens sèlman, ta rive jwenn sibvansyon 450.000.00 Ewo  nan men inyon ewopeyén. Nap fèw konnen ke Rock Eddy Pierre Noël se ansyen majistra entèrimè wanament.

Yon pwojè pou konstwi latri'n ak fè asenisman kel revele  ki se yon pwojè bidon, e ki dwe dire 30 mwa men ki deja pran 13zyem mwa li nan komi'n nan, se pandan depi sou premye 12 mwa yo gentan gen 251.000.00 Ewo ki gagote pa ti ekip zanmi kap pilote pwojè sa a. Nan menm kominike sa, Ronald Casséus fè konnen ke popilasyon  an pa rive satisfè de pwojè zolorat sa ke Inyon Ewopeyèn bay ak Yon gwoup koriptè pil lajan sa a pou vin blanchi nan non moun lestè,pandan setan òganizasyon an pa gen rapò ak lestè ki twouvel nan depatman latibonit la.

Yon bilbòd ke òganizasyon an te mete kanpe nan Premyè seksyon lakwa peris rive rave pa menm òganizasyon sa  ankò aprè plizyè pale anpil ki genyen nan komi'n nan. Pa twò lontan pèp la gen poul pran lari si tout fwa Inyon Ewopeyèn pa kanpe machin kòripsyon sa sou  komi'n nan ki ap pran vitès de kwazyè li . Nan optik sa,gen anpil kesyon ke sitwayen konsekan yo rive ap poze san rete:

Èske se lestè ki pa gen chans la vre ?

Kisa reprantan komi'n nan rive di sou  sa a?

Èske leta santral la ap bagay kont kòripsyon vre nan peyi a ?

Sèlman yon dosye ke menm nap gen poun swiv de prè!!

Robenson SUFFRARD, Jounalis
31685081
suffrardr@gmail.com

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?