lundi 11 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Haïti: Position de "Nou Konsyan" sur les recommandations de la mission de l'OEA

Par La Redaction
Haïti: Position de "Nou Konsyan" sur les recommandations de la mission de l'OEA

Le regroupement de petrochallenger «Nou Konsyan» rejette d'un revers de main les recommandations de la mission de l'OEA qui a séjourné dans le pays au début du mois de juin. Pour cette structure, aucun gouvernement d'entente nationale, aucune élection n'est possible avec le président de facto Jovenel Moïse dont le mandat arrive à terme depuis le 7 février 2021, comme le préconise la mission de l'OEA. parallèlement, Nou Konsyan exprime ses sympathies aux familles des victimes de la tuerie perpétrée dans la nuit du 29 au 30 juin dernier à Delmas 32 et à Christ-Roi où le journaliste Diego Charles et la militante Antoinette Duclair ont été également assassinés.

KOMINIKE POU LAPRES # 1-2040

Nou Konsyan voye jete byen lwen rekòmandasyon OEA nan dènye rapò komisyon medyasyon ki te Ayiti nan kòmansman mwa jen an, epi bay pozisyon nou sou dènye masak ki fèt nan zòn Delma 32, jou 29 jen pou rive 30 jen 2021, kote asasinay militant Antoinette Duclaire ak jounalis Diego Charles plis sanble ak yon atak sible”.

Pòtoprens, jedi 01 jiyè 2021: Nan nòt pou laprès 11 me 2021 an, pozisyon Nou Konsyan kòm estrikti petrochallenger, te klè kou dlo kòk. Okenn komisyon medyasyon OEA p ap vin regle anyen nan kriz malouk k ap travèse peyi a. Se pou rezon sa a, Nou Konsyan te mande pou tout òganizasyon politik ak sosyete sivil la te boude tout demand rankont komisyon medyasyon OEA, paske OEA se prensipal òganizasyon ki responsab sitiyasyon grangou, ensekirite, enstabilite peyi a pat janm konnen. Nan sans sa, Nou Konsyan voye jete byen lwen tout rekòmandasyon ki gen nan rapò rankont komisyon medyasyon OEA te reyalize nan kòmansnan mwa jen nan peyi a.

Nou Konsyan ap raple pou OEA, popilasyon an mande yon Tranzisyon Ripti, li pa nan okenn «Gouvernement d’Entente Nationale» avèk Jovenel Moise, manda l fini depi 7 fevriye 2021. Okenn eleksyon pa posib avèk rejim PHTK nan tèt Leta. Anplis Nou Konsyan kòm estrikti petrochallenger kwè okenn pwosè petrocaribe p ap janm posib avèk Jovenel Moise ki patisipe nan vòlè lajan petrocaribe a.

Jodi a, nan sitiyasyon kriz peyi dAyiti ye la, OEA ak tout core group pa inosan. Yo gen responsabilite pa yo nan sitiyasyon grangou, gang, vol, vyòl, zak asasinay ak masak nan katye popilè yo. Yo tout patisipe nan eleksyon tèt chat pou mete Michel Martelly ak Jovenel Moise sou pouvwa. Nou Konsyan rann responsab OEA, Core group an jeneral, dènye masak ki fèt nan zòn Delma 32 nan lannwit 29 jen pou rive 30 jen 2021. Yo responsab, paske se yo menm k ap sipòte Jovenel Moise malgre manda l fini depi 7 fevriye 2021, daprè atik 134.2 manman lwa peyi a. Nou Konsyan pa kwè nan okenn tweet anbasad meriken ap mete deyò pou kondane masak ak zak asasinay nan peyi a. Anbasadè a plis sanble ap fè wont sèvi kòlè !

Nan yon sitiyasyon parèy, Nou Konsyan voye senpati l bay tout fanmiy moun ki viktim nan dènye masak delma 32 a. Senpati sa yo ale jwenn, an patikilye, fanmi jounalis Diégo Charles ak militant Antoinette Duclaire (Netty) kote yo sanble plis viktim de yon asasinay politik. Li bon pou nou atire atansyon popilasyon an sou asasinay kamarad Antoinette la ki fèt nan lannwit 29 jen aprè li te fin patisipe nan maten nan yon gwo sit-in Nou Konsyan te reyalize devan Ministè Lajistis pou denonse òdonans Jij defakto, PHTK Ramonsite Accimé, nan kad dosye petrocaribe a.

Pou n fini, Nou Konsyan mande pou tout peyi a leve kanpe fas ak sitiyasyon malouk sa Ayiti ap travèse jodi a, kote lavi moun pa vle di anyen.

Pou otantifikasyon : Pwòf. Ebens Cadet, Ekonomis, Pilate Voltaire

Dans nos archives

LIRE AUSSI

PressLakay