Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Minis Jean Emmanuel Jacquet envite ayisyen travay pou bay kilti a plis valè

Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Minis Jean Emmanuel Jacquet envite ayisyen travay pou bay kilti a plis valè

Minis kilti a di nan kad mesaj li pou okazyon an, li ran n li kont ane sa a kloti mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl la ap fèt nan yon kontèks difisil.

Mwa lang ak kilti kreyòl la gen yon aspè senbolik. Li fè nou sonje obligasyon chak grenn moun genyen pou angaje yo nan batay pou bay kilti nou tout valè li merite. Batay sa a, fòk nou mennen l chak jou, tout kote, tout tan, menm jan ak tèm selebrasyon an « Lang kreyòl, tout kote san fòs kote ».

Pou Jean Emmanuel Jacquet, Gen yon verite tout moun konnen, anpil lòt peyi konnen sa tou. Men nou refize chita sou verite sa a pou nou devlope peyi a, nan domèn sosyal ak ekonomik.

Pou jan nou make listwa mond la; Pou jan etranje ap debake lakay nou, nan peristil yo pou vin chèche sekrè mistik nou; Pou jan medsin tradisyonèl la rann nou gwo sèvis devan gwo epidemi mondyal yo; Pou jan ekriven nou yo toujou fè onè nou nan peyi etranje;

Pou jan atis nou yo (dansè, chantè…) briye lotbò dlo;
Pou jan yo renmen folklò ak varyete mizik nou gen nan peyi a;

Pou jan etranje yo renmen penti ayisyen an;
Pou jan sineyas nou yo jwenn gwo distenksyon nan lemonn, n ap pwofite site Gessica Géneus, Raoul Peck, …elatriye;

Nan sans sa li mande ak chak grenn ayisyen pou travay pou bay kilti a valè li merite.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

%d blogueurs aiment cette page :