Jude Célestin sort de son silence et dénonce l’insécurité que fait face le pays .
Muet depuis les résultats des élections ce Jeudi 25 Avril suite au série d’acte de banditisme que connaît le pays ces jours-ci l’ancien candidat qui a accédé à la deuxième place lors des élections ayant conduit à l’élection de Jovenel Moise sort de son silence et accuse l’état d’être responsable de cette instabilité.
En effet, dans un message publié sur son compte Facebook, quelques heures après la fusillade ayant fait, dans la nuit du 24 avril, au moins cinq morts et plus d’une vingtaine de blessés à Carrefour-Feuilles.
Si pale ap ede mete fren nan machin lanmò kap taye banda nan katye popilè yo map pale.-
Se kèm kap senyen lèm gade kijan responsab yo kite drapo ensekirite monte pi wo pase drapo Repiblik la. Pandan drapo diyite n ak fyète n toujou demi ma nan mache mande, drapo grangou koripsyon ak ensekirite pa janm sispann monte. Leta konplis!!
Nou pran nan konplo, nou dwe pi vijilan pou nou soti nan kalte meli melo sa nou tout ye jodia. Silans nan katchouboumbe politik konn ede jwenn bonjan solisyon men silans douvan kadav yon bann inosan ta parèt konplis. Mwen vle soti nan silans politik la pou m kondane ak tout fòs mwen atak lach kap fèt nan katye popilè yo. Kote inosan ki deja paka manje ap tonbe anba bal bandi san fwa ni lwa chak jou san konte bandi legal kap taye banda chak jou, volè tè, detounen lajan, vyole fanm epi kore bandi.
Mwen pataje doulè fanmi viktim yo e pwofite okazyon sa pou m mande yon tèt kole nan mitan tout fòs viv peyi a pou ede konbat zak maspinay kap fèt sou popilasyon an.
Se pou nou tout kanpe pou di NON leta pa dwe konplis nan kreye kondisyon pou fòse nou kite bout tè papa Desalin nan.
Jude Celestin.-
En dehors de la volonté des autorités haïtiennes de combattre l’impunité dans toute son étendue, certains citoyens commence à remettre en question la notion de justice dans le pays .
Pierre Kevin