Nan kad pwojè » Reyensèsyon Detni Fanm ak Tifi Prizon Kabarè », Kri Fanm Ayiti (KRIFA) ofri 5 jou fòmasyon sou serigrafi pou fanm ak tifi ki te ansyen prizonyè nan kabarè, nan lide pou pèmèt medam sa yo kreye pwòp biznis yo.
Nan fòmasyon sa ansyèn detni sa yo ap gen chans aprann fabrike anpil materyèl k ap pèmèt yo ekri sa yo vle sou anpil bagay tankou asyèt, tas, mayo ak kepi.
Pwojè sa rive reyalize gras ak bourad gwoup avoka san fwontyè k ap reyalize pwojè » Aksè ak Lajistis ak Lit Kont Enpinite nan Peyi Dayiti » anba finansman lajan gouvènman kanadyen an.
Maxime Louissaint