Le sénateur Jean-Marie Salomon souhaite qu’Haïti renoue ses relations avec l’Afrique
Dans une lettre ouverte adressée aux sénateurs , Jean-Marie Salomon propose à ses collègues d’organiser 3 séances qualifiées d’historique avant la fin de l’année 2018.
Pour justifier sa proposition, le parlementaire souhaite que ces points seraient à l’ordre du jour de ces convocations. Nous citons: 《La résolution relative à l’intégration d’Haïti dans l’Union Africaine, tout en demandant à l’exécutif de procéder à la réouverture de l’Ambassade d’Haïti au Bénin》.
Lire la lettre :
Okay, Samdi 15 desanm 2018
Lèt tou louvri pou Kòlèg Senatè mwen yo.
Kòlèg,
Pou gen rezon devan kras,ou dwe benyen chak jou.Avan w wè ti pay ki nan je lòt la,se retire bout bwa ki nan je pa w la.Pi bon fason pou nou refè imaj Palman an,espesyalman Sena a,se òganize nan fen ane 2018 la,pou pi piti 3 bèl seyans istorik,kote n’ap adopte yon seri gwo rezolisyon,tankou mande Ekzekitif la pou l tounen sou desizyon li pran pou fèmen Anbasad Ayiti nan peyi Benen ki se manman nou,sou pretèks nou pa gen twòp enterè nan li akòz li pòv.Ala yon bèl souvni nou t’ap kite pou Listwa.Nou te ka tou pwofite pran yon rezolisyon pou nou mande Ekzekitif la refè demand entegrasyon Ayiti nan Kominote Peyi Afrik yo ke yo rele nan lang fransè Union Africaine des Nations.Se pi gwo wont nou t’ap evite peyi nou pran.Ala ri Loksidan t’ap ri nou,espesyalman ansyen kolon yo,si nou ta kite konplo sa a pase.Pi gwo doulè yon manman ka santi,se lè pitit li trayi l.Ayiti,kiltirèlman palan,se pwolonjman Lafrik sou kontinan Amerik la.Se pou malè nou si nou met fen nan relasyon diplomatik nou ak Benen.Senbolikman,sa vle di nou koupe pon ak Lafrik.Yon pèp ki bliye kilti l ak orijin li,se tankou yon pye bwa san rasin.Mwen vle pale de pye bwa Tousen Louvèti a ki te di li se chouk la men rasin yo fon epi yo anpil.Pawòl sa a rete selèb.Se de nou Tousen t’ap pale ki senbolize rasin yo.Youn nan pi gwo kado nou ka ofri peyi a nan dènye jou sa yo,se swiv ti konsèy sa a kòlèg nou Salomon ban nou.Mwen renmen nou tout.Pa janm bliye sa,nou youn dwe renmen lòt,malgre diferans nou.Nen pran kou,je kouri dlo.Viv Ayiti,viv Lafrik!
Senatè Jean-Marie Junior SALOMON,
Visprezidan Komisyon Afè Etranjè ak Kilti Sena Repiblik la.




