Moun katriyèm seksyon Kavayon mande sekou otorite yo
Apre pasaj goudougoudou samedi 14 out 2021 an, anpil fanmi ap viv nan yon sitiyasyon ki vrèman kritik, patikilyèman moun ki nan depatman Nip, Grandans, ak Sid, katastwòf sa fè anpil dega. Nan katriyèm ak twazyèm seksyon Kavayon, abitan yo ap mande leta pou voye je sou yo.
« Moun yo ap viv yon sitiyasyon kritik, kay tout moun kraze, anpil nan yo rasanble ansanm yon kote, mete yon pwela pou yo pase moman yo e genyen tou ki ret nan lakou kay yo », se sa Odlin Dazin, ki se yon jèn etidyan nan agwonomi k ap viv nan seksyon sa eksplike.
Otorite zòn yo daprè Dazin, pa fè dilijans pou kontakte otorite santral yo pou ta jwenn yon ti asistans ki ta ka o mwen amelyore sitiyasyon an. Li difisil pou drese yon bilan nan koze materyèl paske pi fò kay yo kraze, daprè jèn agwonòm nan, ki fè konnen tou gen moun ki mouri paske pa gen swen pou yo.
« Youn nan pi gwo pwoblèm ki gen nan seksyon an se lojman. Menm moso tapi difisil. Anpil nan moun yo se anba pye bwa yo rete » konfye prezidan asosyasyon jèn 4èm seksyon an (AJCANS), pandan l te pwofite pou l siyale dlo yo vini sal nan tiyo ki nan zòn nan epi anpil nan sous yo pa gen dlo.
Avan sitiyasyon an pi grav Odlin Dazin mande pou otorite yo voye je sou seksyon sa. « Nap mande otorite lokal yo non sèlman otorite lokal yo men tout moun nan peyi a oubyen mond lan yon fason jeneral voye je sou depatman an, espesyalman moun nan 4èm seksyon kavayon ».
Sikolojikman abitan sa yo pa fò aprè pasaj goudou goudougoudou a. «Majorite timoun m ap swiv la twomatize, depi tè souke yo gentan ap kriye e mw wè sa tou nan vizaj yo paske yo estrese sitiyasyon sa a valab pou granmoun yo ak jèn yo tou ki twomatize ak sitiyasyon an», deklarasyon Odlin Dazin, pou l sansiblize konsène yo pou yo fè mwayen ki posib pou pote yon ti amelyorasyon bò kote yo.