vendredi 1 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Nan peyi Dànmak, leta peye jèn yo pou yo al lekòl

Par La Redaction
Agence presslakay

Gouvènman nan peyi Dànmak, pou goumen kont prekarite jèn yo, deside adopte yon lwa pou mete kòb chak mwa nan pòch etidyan yo pou reponn ak bezwen yo. Yon lwa ki valab pou tout jèn, kèlkeswa apatenans sosyal li.

750 ewo, se kòb leta depoze sou kont chak jèn etidyan ki gen plis pase 18 lane k ap antre nan fakilte. Mete sou sa, etidyan yo pa peye okenn frè nan inivèsite yo.

“Paske yo peye pou etidye, elèv yo gen yon santiman lakay yo y ap travay, ak yon salè chak mwa”, temwanyaj pwofesè Christine Gravert nan mikwo jounalis medya “l’important” ki reyalize repòtaj sa. Pou w benefisye pwogram sa, fòk ou pa gen sipò finansye piblik.

Mathias Wester ki se yon chèchè nan enstiti danwa fè konnen, “Anpil moun ki pèdi travay yo pran plezi nan tounen al etidye olye yo sakrifye tan yo nan chache travay”. Kidonk, li enposib pou w gen yon bon revni salaryal ki jis si w pa retounen al etidye.

Nan peyi Dànmak tou, travay Ti antrepriz yo se pou timoun, yon fason pou aprann yo pran otonomi yo, anndan repòtaj sa, yon adolesan fè konnen depi ak 13 lane li kòmanse travay epi peye enpo. N ap raple w Dànmak se peyi ki envesti plis nan edikasyon nan tout mond lan.

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?