Pati Federalis (PF) kondane zak asasinay kap fèt sou polisye yo.
Nan yon nòt pou laprès, Pati Federalis (PF), di li kondane zak asasinay kap fèt sou polisye yo nan dènye jou sa yo. PF denonse tou, konfli ki genyen anndan enstitisyon PNH la kote polisye ap tire sou polisye.
Delmas, le 24 Mars 2021
NOT POU LA PRES
Pati federalis PF kondane ak tout fòs li zak asasinay kap fèt sou polisye pasi pala nan kat kwen peyi a. Jodi a ankò, nan mal abòde koze ki gen pou wè ak tretman polisye yo leta kòz nou anrejistre yon lòt pèt ankò anndan enstitisyon sila a (PNH), nou kapab remake ke nou rive nan dènye bout nou kote bandi ap tire ak bandi, bandi ap tire ak lapolis sak pi tris la polisye ap tire sou polisye.
Jodi a li klè douvan je tout moun, aprè ke pouvwa tèt kale a fin kraze tout enstitisyon nou yo, aprè ke Mesye Jovenel fin moutre a klè ke l vle enstore diktati anndan peyi a jodi a se kou pa PNH ke li vle kraze nan kreye plizyè klan
pou jere enterè pèsonèl li.
Van lanmò PHTK a ki pa janm sispann soufle sou peyi a depi kèk lane rive frape pati federalis kote Mistral Pierre Richard ki se pitit sekretè branch pati federalis la nan New York rive pèdi lavil.
PF koubel byen ba devan depouy Mistral. Nou voye senpati nou bay tout fanmi an espesyalman bay kamarad nou Kettly Pressoir kap viv ozetazini. Nou di yo kouraj pa moli paske la wouze taye banda se tout tan soley pa leve.
PF kwè e ap batay pou solèy jistis ak sekirite rive blayi sou fènwa ensekirite ak lenjistis.
Viv yon lot ayiti
Viv PF