Petwokaribe: Desizyon jij Ramoncite Accimé pran sou dosye petwokaribe a pa pral okenn kote, daprè Nou Pap Konplis

0 279

Nan yon kominike pou Laprès li mete deyò, gwoup petwochalennjè « Nou Pap Konplis » eksprime tèt chaje li genyen akoz odònans jij Ramoncite Accimé k ap trete dosye petwokaribe a pran jou kite lendi 21 Jen 2021an. Nou Pap Konplis ki di li wè nan desizyon sa yon mannèv pou bwouye dosye petwokaribe a kwè poutan se byen konte mal kalkile. Okontrè desizyon an ap ranfòse batay la plis. NPK kwè se responsablite chak Ayisyen pou leve kanpe pou yo kapab konnen kisa ki te pase ak 4,2 milya dola ameriken lajan popilasyon an.

Kominike pou Laprès jedi 24 jen 2021

NOU PAP KONPLIS salye Popilasyon an ak laprès an jeneral kap batay chak jou pou ranfòse demokrasi a andan peyi a.

Nou Pap Konplis sezi aprann òdonans kase fèy kouvri sa jij defakto Ramoncite Accime pran jou lendi kite 21 jen an, objektif òdonans lawont sa se pou kontinye bwouye dosye Petwokaribe a pi plis yon fason pou antere l nèt, men se byen konte mal kalkile.

Nou Pap Konplis ap di popilasyon an desizyon sa pa fè n ni cho ni frèt, okontrè Jij defakto Ramoncite Accimé montre aklè yon lòt fwa ankò dosye sa sanble tout bon vre se yon grenn wòch ki enposib pou retire andan soulye petwodilapidatè yo.
N ap raple laprès ak lopinyon an ke depi mwa Oktòb 2020 manda jij la te deja espire, sa vle di tout desizyon ki gen jij Ramoncite Accimé nan tèt li pou dosye petrocaribe a se yon desizyon ki ilegal e ki pa pral okenn kote.

Nou Pap Konplis kwè jij la tap sòti pi gran nan dosye sa si depi lontan li te endekse tout lis konpayi yo ak tout lis direktè,minis ki te enplike direk ou endirekteman nan dosye sa. Men sa n ap gade la se yon desizyon langlichat pou fè timoun ri. NPK kwè, okontrè desizyon jij la pran an ranfòse batay pou limyè fèt sou dosye Petwokaribe a, dezisyon sa pa ede petwodilapidatè yo okontrè li antere yo nan tou pi plis.

Nou Pap Konplis kwè se responsablite tout sitwayen ak sitwayèn pou yo fòse lajitis fè limyè sou dosye sa, yon fason pou tout moun konnen ki s ak te pase ak 4.2 milya lajan popilasyon an.

Wi pou yon pwosè Petwokaribe!

Non ak tout aksyon gwo ponyèt !

Viv yon ayiti ki gen jistis !

Otantifikasyon

Jonathan Renois
Ricardo Fleuridor

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More

%d blogueurs aiment cette page :