mardi 28 novembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Peyi Venezuela koupe relasyon komèsyal ak Awouba ,kiraso ak Bonè

Par La Redaction

Gouvènman Prezidan Nicolàs Maduro nan peyi venezwela  elaji kad entèdiksyon li te pran kont echanj komèsyal kap fèt pa avyon, pa kamyon e pa bato avèk 3 zile olande ki tou prè peyi a, paske zile sila yo ta lakoz yon kontrebann k ap vale teren depi kèk tan nan peyi venezwela, dapre sa otorite ki nan Caracas anonse  jounen madi 9 janvye 2018 la.

Venezwela mande negosyasyon avèk otorite wo-nivo nan 3 zile sa yo (Arouba, Kiraso ak Bonè) anvan pou echanj komèsyal yo reprann. Vis Prezidan venezyelyen an, Tareck El Aissami, fè konnen otorite zile yo fèt pou ranfòse kontwòl la sou gwoup kriminèl yo ki, dapre li, ap voye tout kalite pwovizyon pa kontrebann o Venezuela, sa ki gen move konsekans sou pwofesyon sitwayen venezuelyen yo. Misye El Aissami, ki ankouraje otorite yo nan Awouba, Kiraso ak Bonè,pou yo pase alaksyon e mete lòd nan sitiyasyon an, ekri sou kont Twitter li: <<Nou pa pral pèmèt kriminèl sa yo komèt plis agresyon sou popilasyon nou an. >>

Se nan jounen vandredi 5 janvye 2018 la, Prezidan Maduro te pran yon dekrè pou li bloke tout echanj komèsyal ak 3 zile yo pandan 72 zè-d-tan; li te akize lidè zile yo deske yo konplis nan trafik ilegal. Li te pran desizyon sa a apre menas li te lanse, nan mitan mwa desanm 2017 la, pou l fèmen tout wout transpò (anlè, atè kòm sou lanmè) avèk 3 zile yo. Yon dosye nap swiv

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?