Nan yon nòt li fè sòti jou ki te Mèkredi 26 me 2021 an, Direksyon Politik Opozisyon an (DIRPOD) mande Popilasyon nan tout kwen peyi a pou leve kanpe pou frennen machin referandòm nan pouvwa an plas la ap prepare pou fè 27 jen k ap vini an. Nan nòt sa DIRPOD fè Popilasyon an konnen referandòm nan se yon mwayen pou pouvwa PHTK pwoteje tèt li ak ekip li, pou lajistis pa janm mande yo kont sou krim yo komèt nan peyi a.
An n li nòt la.
Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la (DIRPOD ) pouse yon gwo rèl pou fè pèp Ayisyen an toupatou: nan Depatman yo, Komin yo, Seksyon Kominal yo e nan Dyaspora a, pou li gonfle tout fòs li pou kraze pwojè referandòm enkonstitisyonel Jovenel Moïse la ak ti klik jwisè li a kap souse pèp la.
Se enstalasyon yon rejim diktati ki dèyè referandòm ilegal la, yon fason pou l pwoteje tèt pa l ak tout ekip piyajè ki sou pouvwa a, pou Lajistis pa janm kapab mande yo kont sou tout krim yo komèt. Jovenel Moïse, itilize Konsèy Elektoral koupyon li an poul krache sou tout jefò pèp Ayisyen an fè pou kwape vye pratik diktati soti lane 1986 pou rive jounen jodi a.
DIRPOD ap fè sonje atik 284-3 Konstitisyon peyi a entèdi kategorikman tout referandòm pou modifye l oubyen chanje l. Anplis de sa, manda Jovenel Moïse kòm Prezidan fini nan dat 7 fevriye 2021 dapre atik 134-2 menm Konstitisyon an e atik 239 dekrè elektoral 2015 lan.
Sa vle di, tout aksyon pouvwa defakto sa a ap mennen pou chanje Konstitisyon peyi a gen yon sèl objektif: fè tout moun ki vòlò lajan peyi a, ak sila yo ki masakre pèp la nan plizyè okazyon, chape anba Lajistis, pou yo pa rann kont.
DIRPOD kwè se yon devwa Patriyotik chak sitwayen, fanm kou gason genyen, pou fè tout sa yo kapab pou kraze plan diktati Jovenel Moïse la ki deside tounen peyi Dayiti nan peryod bout di Divalye yo. Lè leta nan yon peyi efondre, anachi enstale tou patou, lalwa ap vyole atribô e ababô, lè yon peyi tonbe aladriv, Nasyon an dwe kanpe doubout pou l konbat tout tiran, rantre nan rebelyon pou anpeche l disparèt.
Viv Demokrasi ak respè lalwa!
Viv AYITI ! Viv DIRPOD !
Lire la suite : Politik: DIRPOD mande popilasyon an gonfle venn li pou kraze pwojè referandòm nanPou DIRPOD:
Edgard Leblanc Fils Kenol Mathieu Génard Joseph
OPL VEYE YO VERITE