Pou listwa pou la verite

Pou listwa pou la verite

Ronald Casseus 
Ronald Casseus

Nou menm sitwayen kap batay,poun chanje sila yo ki mal yo nan tout peyi a. Swit ak yon atik ki sὸti nan jounal Le National ( Peterson J. GILLES) ki ta andose non sitwayen Ronald CASSEUS ak Doncliff ADRIEN sou prejidis Majistra Lestè a Lucny DORCILON. Pou listwa pou la verite Majistra Lucny DORCILON ap chache yon azil politik, paskel santi rejim li fini nan sèvis pouvwa rejim PHTK a.

Yon ti rapèl sitwayen sa ki rele Lucny DORCILON .

  • Li se yon raketè jis nan zo, li te rive pran lari a, gras ak feblès leta sitou nan ministè agrikilti, nan pran lajan nan men peyizan plantè nan Grandrak kom raketè pou fè yo jwenn ti sak angrè. Li te vinn jwenn kontwol Charles SUFFRARD jis li te vinn bal parenn nὸs li poul te ka gen plis privilèj nan ranmase lajan nan men peyizan yo, pwomèt yo ti kiraj. Lè sa pa fὸs li te oblije manm INITE pa fὸs.

Aprè tout zak santi kri li te finn fè nan ranmase lajan san bay rannman. Li te oblije pati pou peyi Brezil, poul tal pran repo. An 2015, li tande gen tranzisyon li te vini, tcheke parenn li pou te metel majistra nan tranzisyon , sa pat arive fèt , li te pran chans li anbasad ameriken pou jwenn yon viza , li tal fè kèk tan kay tonton sam. Yo te vinn anonse eleksyon pou kolektivite yo, sa te fel vini, konpoze avèk yon katèl MOPOD, sin ka di yon toupi tou liyen, li te jwen djob la kanmenm.

Sa pat pran tan poul te vire do bay MOPOD, poul te rejwenn AAA, kὸm kowὸdonatè kominal sou benediksyon Youri LATORTUE, kὸm nou konnen se chache lap chache, sil ta espere kay Youri pat tonbe, sa pat pran tan poul te rejwenn ti mesye dam LAGEM yo nou vle pale de Jacques Thomas ak Willy Jean Baptiste se sak fè 18 novanb 2018, te gen yon manifestasyon ki tap fe laviwonn komin lestè, ebyen majistra Lucny ta pral fè yon entevansyon kote fὸs lὸd yo UDMO yo, lè sa ta pral gen 3 moun kite pran bal ( Edens, Makens ak Maken ) poul te montre kὸmanl ka sèvi nenpὸt moun ki gen pouvwa. Sa pa tap pran tan kὸm abitid poul te chanje bato l pozisyon, kote sa bon. ki ta pral abouti avèk mesye dam PHTK yo, ki ta pral bay yon maryaj ant li menm ak Fednel Monchery, direktè jeneral ministè enteryè a le pὸk, pandan plizyè repriz li pran pozisyonl nan AMA pou direktè a menm monte potoprens al boule kawoutchou douvan ministè a, paske JOMO te swete revoke patwonl ( Fednel Monchery ). Gen kesyon kap poze eske majistra pa ta enplike nan masak lasalin nan, paske se job sa yo li toujou fè pou moun lap sèvi. Li tèlman egare, lè majistra Sénèque ESTIMABLE te nan difikilte a, li pansel tap vinn mè titilè konsey la, li te fè patwonl mennenl vini sou gwo eskὸt sekirite. Nou tout ap poze kesyon ki enterè komin nan, nan tout maryaj sa Lucny ap fè yo ebyen se enterè pesonèl tankou:

1- Pase lajan sou kont meri a, pou finanse pwojè konstriksyon lekὸl kominotè fondasyon Dorcilon li toujou rete kὸm kowodonatèl pandanl majistra.

2- Finanse plizyè ti pwojè asenisman avek yon objektif 40% pou patwon an ki se direktè MICT pou site sa yo selman. Menm majistra sa enplike nan koze yon plann nan zὸn potri sou ponsonde , kotel te met paspo li nan plann nan epil fè gwoup gang li, al kase plann, poul te ka vwayaje, lajistis sen mak te met kod nan ponyèt li sou gwo presyon patwonl, li te jwenn liberasyon pwovizwa , sa vle di enkilpe an kabinè denstriksyon, dosye sa te devan Majistra Merant. Li te chache anpil alye nan gouvènman tankou komisè gouvènman pou fe arete militan kap fè efὸ pou viv tankou moun, k’ap mande yon lὸt trètman pou pèp la.

  • Vandredi 10 jiyè li fe arete profesè Romano BAPTISTE ki se yon militan nan lestè.

  • Madi 30 jiyè li fè arete sitwayen militan Ronald CASSEUS nan kad abi pouvwa, pèsekisyon politik.

Jodia li santi peyi a vle pran yon lὸt direksyon , li oblije ap bay manti , pou site non moun onèt kὸm asasen poul ka jwenn yon azil politik, nou tou pwofite denonse montaj fabrike sa poul bay manti ak lajistis poul montre li sible ak fanmil. Pou fini n’ap di mobolizasyon yo ap kontinye tout kote, pou nou derasinen rejim PHTK sa ak tout tchoul li yo tankou Majistra Lucny DORCILON.

NOU PAP FÈ BAK NOU PAP PRAN NAN ENTIMIDASYON ASASEN YO.

 

Ronald Casseus 

50936014908

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

%d blogueurs aiment cette page :