mardi 5 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

Prezans Polisye anndan Inivèsite leta a (ILA) Yon desizyon abitrè

Par La Redaction

Depi kék tan ILA ap konnen yon Kriz Manch long , tan pou Dirijan yo ta chwazi opsyon Dyalòg la oubyen monte yon konséy Ki Pou sévi yon pon ant yo menm ak etidyan yo epi jere kriz la.
Se militarize yo chwazi militarize espas la Pito.

Depi kék lane Refòm sou tout fòm Se sa jenn fanm ak jenn gason sila yo ap mande , etidye nan bon kondisyon jan konstisyon a mande sa .Ebyen Olye Dirijan yo panse rezoud problém tout kalte kap ravaje inivésite a se desizyon pou mete Polisye ak Gro zam Nan espas yo espesyalman andedan fakilte syans moun yo. (FASH)

Jounen vandredi 26 janvye a , anpil etidyan mete ak Kék profesè te mobilize pou montre dezakò yo ak desizyon Sa
Yon mouvman Ki ta pral mete gwo panik Nan zònn avni Kristòf la ak tout lòt zònn Ki fé laviwonn li yo. Kout wòch , Anpil Gaz Akrimojénn te tire .

Kesyon anpil moun ap poze , Jis Kibò leve kanpe sa ap rive ?
Poukisa tou yo pa mete an plas yon konséy pou rezoud kriz sa san pati pri ?
Nan tout peyi sou laté inivésite Rete yon bagay sakre .

ILa Rete yon Patrimwann nan peyi Dayiti pami tout sa nou konnen deja yo , li patap bon si nou ta Pwotejel edel poul toujou egziste ?

Pierre Kevin

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?