Seksyalite/Peze kou, mòde, bay Tap: Anpil fanm avwe se la plezi a ye

Seksyalite/Peze kou, mòde, bay Tap: Anpil fanm avwe se la plezi a ye

Seksyalite/Peze kou, mòde, bay Tap: Anpil fanm avwe se la plezi a ye

Sèks pa sispann rete yon sijè tabou nan sosyete ayisyèn nan. Pi plis chak jou, bagay yo ap modènize, sitou bò kot medam yo ki pa janm sispann mete chalè nan dosye sa. Aprè bak chat, ti bèf, zonyon, bètrav elatriye. PEZE KOU, TAP ak MÒDE, medam yo pa vle pitye ti mesye, fòk nou fè cha mache, sinon ti blòdè kafe a koule ak ma, ou pa lwen pran kanè.

« Si yon nèg pa tape m, li pa bezwen panse li fè yon bagay avè m. Pa gen sèks san plezi sa yo. Epi l ap enposib tou pou l pa tape m paske m ap mande l sa klè. Pou mwen yo se yon fè nòmal depi gen konsantman. Rale cheve tou vrèman eksitan pou fè m voye vit ak ti kout dan, sa depan de vayb la. », premye reyaksyon jèn nègès sa ki gen 23 lane ki se etidyant nan relasyon imèn ak syans administrativ.

A sèlman 18 lane jèn liseyèn sa pa vin pou lapè ak mesye yo menm. « Mwen m p ap tolere nèg vin bere m, se montre m w ap fè m monte kalvè, fè m santi m ap viv yon plezi pou m bliye tout pwoblèm ki te ka genyen. Depi w vin jwe, pa gen plas pou ou sou teren an. Kòm tou, m toujou jwenn tap mwen nan men nèg mwen, plezi m se lè l tou masaye l epi fè m santi l ap degonfle yo ak zong li. San djòlè machin nan gen bak pou sa, limen limyè m ak tap. »

Ki plezi ki gen ladan l ?

Peze kou ak tap se yon plezi an plis nan fè bagay sitou bò kote medam yo, si nou ka kwè temwanyaj yo. « Peze kou a se pa yon bagay mwen renmen. Men tap la gen anpil filing ladan l epi eksite fanm nan plis nan sèks la. Sansasyon m jwenn ladan l, li eksite pou fi a voye rapid. Di yon nèg pa ban m tap mwen p ap jije l mal, men m ap mande l, se mwen ki konn kijan m santi nan moman », deklarasyon demwazèl sa ki se yon patisyè k ap viv nan ang ravin pentad ak kriswa.

Mesye yo pa met dlo nan bouch yo.

« Plezi a bèl se vre, men gen seri de fanm pou mwen ki paka pran tap, menm peze kou se yon abi w ap fè yo. Imajine w nan relasyon ak yon fanm ki pa gen menm yon bon bak, si w al bay tap, men w ap fè w mal, se zo sèlman w ap jwenn. » Souliye jèn matcho 22 lane sa ki gen sounon BÒBÈL, ki di li pa souzestime moun men pou li gen kategori pou sa. Li fè konnen tou, pou peze kou a gen yon jan pou fè sa.

Kijan sa dwe fèt pou plezi a byen pase? Èske gen pozisyon ki pi bon pou sa yo fèt ?

Eksplikasyon yon fanm ki viv li fè konnen. “Pi bon pozisyon pou tape se yon wayòm bak chat, epi pou dèyè fi a byen kanpe anlè pou senti l fè basen. Lè sa gason an ap ouvè tout plamen l byen epi tape l epi tou pran pwa machandiz la. Tanzantan l ap fè l pandan fi a ap tranble dèyè l”. Peze kou a, majorite medam yo mande l nan yon bon pan kabann oubyen pou fi a chita sou gason an, lè penetrasyon an pandan l ap peze sen fi a, l ap tou pwofite monte ak yon souplès pou al kenbe anba kou l(atansyon pa ak twòp britalite, pa gen goumen ti mesye). Fè l ak moderasyon.

“Pa gen sèks san plezi sa yo, donk yon fi ki poko viv li, li mèt repanse bagay yo, tap se lavi met tap nan plimen nou medam”, detaye youn nan medam nou te gen chans pale yo, ki reklame anonima.

Kisa ekspè nan domèn sèks yo wè sou modènizasyon k ap fèt chak jou nan pratik sa?

Doktè David Laurangilles ki se yon savan sou kesyon sèks, nan ti pale nou te fè ak li te bay avi l sou pwen sa yo. “Modènizasyon nan domèn seksyèl se yon koze inevitab. Li pa yon pwoblèm depi l fèt nan bon jan kondisyon, fòk nou met aksan sou evolisyon tan. Nòmalman pratik sa rele tou Ipoksifili, Ipofizyofili, oubyen asfikzyofili. Se yon fason pou jwenn satisfaksyon seksyèl, li ka fèt pou kont ou, oswa ak yon lòt moun”, eksplikasyon doktè a.

David Laurangilles souliye tou, chak moun gen yon fason yo fè l, men li fè konnen gen danje ladan l tou pandan anpil pa negosye peze kou a. “Gen sa ki rele «asfiksi envolontè». Pandan moun nan ap peze kou a respirasyon an diminye pandan aktivite seksyèl la kidonk si plezi a twò entans gason an ka toufe patnè l san l pa rann kont.” Gen fanm pou yo atenn ògasm yo fòk ou tape yo, rale cheve yo, peze kou yo, daprè sa medsen an fè nou konnen.

Modènizasyon “TAP, PEZE KOU” a jiskaprezan kontwolab daprè doktè a. Men, li pwofite konseye jèn yo kontwole pratik seksyèl yo pou l pa fatal. “Anyen pa deranje lè l fèt dwat epi ak kontwòl“.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

%d blogueurs aiment cette page :