« Service Hypposwag Design », se non yon jèn antrepriz ki kreye nan okay ki ofri anpil sèvis

0 190

Nan yon ti chita pale nou te fè ak jèn, Hyppolite Obnesse, ki gen sèlman 23 lane, epi fondatè tou jèn antrepriz sa ki rele « Service Hypposwag Design ». Li te pwofite pou l pale nou anpil de sèvis li bay nan Okay ak zòn vwazin yo.

Antrepriz sa ki kreye nan mwa fevriye 2020, sou kontwòl 3 jèn , ki se Romelus Fito ak Adorable, epi Obnesse Hyppolite ki li menm se PDG. Daprè Obnesse Hyppolite, li menm ak 2 lòt jèn yo gen anpil rèv epi kwè nan pwogrè. Pou rezon sa yo mete kanpe depi yon lane « Service Hypposwag Design ».

Poukisa se non sa nou chwazi pou antrepriz la ?

« Hyppolite Obnesse se non m. Men moun plis konnen m sou non Hypposwag. Pou plis vizibilite, mwen chwazi ba l pote non ki pi popilè a ». Reponn Obnesse Hyppolite ki se yon etidyan nan enfòmatik biwotik.

Ki sèvis nou ofri nan « Service Hypposwag Design »?

« N ap jwenn anpil sèvis ki disponib tankou : enpresyon sou mayo,kepi, asyèt elatriye. Nou fè tou, Cover, logo, badj, kat maryaj.
Nou chanje ekran androyid /ekran laptòp /nou resèt telefòn /retire ID /dekòde laptòp » eksplikasyon jèn Obnesse Hyppolite, ki ajoute gen atis pent ki la pou fè pòtrè yon kliyan ta vle.

Mete sou sèvis sa yo, « Service Hypposwag » vann an liy, pwodwi ki redwi nan gwosè yo, sitou moun ki gen gwo vant ki bezwen desann vant yo. Epi moun ki piti ki bezwen gwo. « SHD » vann rad ak tenis tou.

« Nou respekte kliyan pou kliyan respekte nou » se premye fraz ki sòti nan bouch PDG antrepriz la, pou reponn sou kòman yo fè sèvis yo rive jwenn kliyan yo. Li fè konnen « nou pa mize sou sèvis kliyan yo ». Yo ofri sèvis yo san grate tèt epi fè livrezon an.

Kijan yon moun kapab kontakte Hypposwag pou jwenn sèvis pa l la?

 » Yon moun ki bezwen yon travay ap kapab kontakte nan nimewo sa: +509 3792- 50-16. Oubyen li ka kontakte nou sou Facebook sou non Hyppolite Obnesse, oubyen tou sou kont Email sa: obnessehyppolite51@gmail.com ». Moun ki nan peyi etranje kapab kontakte nou tou, n ap fè transfè pwodwi a pou yo ». Eksplike jèn 23 lane a.

Dènye estòk mayo chalennj «Okay gen bèl moun» toujou disponib daprè Hypposwag. Moun ki entèrese yo kapab toujou pase pran pa yo a.

Pou l fini nan ti koze nou te gen avè l la, Obnesse Hyppolite ankouraje tout jèn kreye yon bagay pou yo fè pou prepare demen yo. Li prè tou pou li ede tout jèn ki vle antre nan biznis, l ap sipòte yo nan fason pa l.

Maxime Louissaint

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More

%d blogueurs aiment cette page :