samedi 2 décembre 2023
L'expérience d'un média en ligne de confiance

SOS: Paran Sephorah Joseph ki gen 3 lane, gen difikilte ekonomik pou fè l sibi yon operasyon.

Par La Redaction
SOS: Paran Sephorah Joseph ki gen 3 lane, gen difikilte ekonomik pou fè l sibi yon operasyon.

Sephorah Joseph se non yon ti pitit 3 lane ki gen gwo difikilte aktyèlman pou ta sibi yon operasyon an ijans anndan yon lopital nan kapital la. Yon operasyon ki ap koute 2 500 dola ameriken.

Nan yon ti pale, Stéphanie Sérélus ki se manb fondatè Fondation-au-Secours (FOSE), ki responsab ti pitit 3 lane sa pou operasyon an, fè konnen manman Sephorah Joseph abandone l, li ap viv ak grann li epi yon matant li ki rele Farah Joseph, zòn Ayewopò Mayi Gate, toupre Ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti.

Ti pitit 3 lane sa ki poko ale lekòl riske paralize akoz li fèt avèk yon twou nan nivo senti l ki kòmanse enfekte epi k ap degaje move lodè, daprè eksplikasyon Madam Stéphanie Serelus ki fè medya a konnen li anpàn lajan pou ta ede ti pitit la jan l ta swete a.

Pi lwen, responsab fondasyon FOSE a fè konnen li te kòmanse kolekte fon pou te ka fè eskanè ak lòt egzamen pou Sephorah men pou operasyon an ki koute 2 500 dola a, li po ko kolekte fon

"Nou te kòmanse kolekte fon pou l te ka kòmanse swiv lopital. Nou fè eskanè ak lòt egzamen. Men, pou operasyon an nou po ko kolekte".

Daprè eksplikasyon Stéphanie, moun ki te ede l pou kesyon eskanè a, se Cottecheese Pierre ki te fè l jwenn kòb sa nan men Samuel Dameus.

Operasyon sa ki te sipoze fèt demen vandredi a po ko klè akoz fon ki pa disponib. Nan sans sa, madam Stéphanie Serelus mande èd bon pwochen pou ede Sephorah Joseph opere. Li kite plizyè nimewo ki se +1 (954)822-5775 pou cashapp, Zell ak paypall ki sou non Marc Junior. Epi +50934188808 ki se nimewo Mon Cash ki sou non Stéphanie Sérélus.

Maxime Louissaint.

LIRE AUSSI

PressLakay
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?