Anpil bagay fèt an kachèt, pandan sa, gen 2 bagay anpil moun fè ak pratike yo toujou ap kache sa. Pami tout bagay sa yo nou kapab site ; gade videyo pònografik ak mastibasyon, sa yo rele "bat laponyèt" la ou LP nan lang kreyòl rèk ayisyen an, pou mesye yo.
Ki rezon ki fè moun toujou pè oubyen wont pale de pratik sa yo, menmsi gen kèk moun ki adikte de yo. Nan yon ti pale nou fè ak plizyè moun, nou pral dekouvri kèk rezon ki konn lakòz sa.
Yonn nan pi gwo endistri nan mond lan ki rantre plis lajan, se pwodiksyon ki fè fim pònografik yo. Endistri sa a daprè yon atik ki te pibliye nan jounal "Le Monde" nan lane 2006, konn rantre plis pase 2,6 milya dola ameriken. Kantite lajan sa fè 2 fwa valè kòb pwodiksyon mizik yo te konn rantre nan epòk la.
Malgre se yonn nan domèn ki rantre plis lajan nan mond lan, anpil moun ki konn gade pòno pa janm vle di sa.
Moun sa yo prefere gade an kachèt kote yo konn telechaje videyo oubyen foto pònografik sou telefòn yo, tablèt ak laptòp yo. Genyen nan yo ki konn prefere tou gade li sou entènèt yon fason pou moun pa konn afè yo, se ka yon jèn gason ki gen 24 lane, « monchè tout ti jèn gad pòno. Li gendwa pa pale sa , men sa pa vle di li pa konn gade yo. Apre m fin gade yo, mwen toujou mastibe (bat laponyèt) pou mwen pa nwi".
Pi devan, yon jèn fi 19 lane deklare, « lè mennaj mwen sou fè stil, mwen fè afè m pou kont mwen, epi lapè". Daprè li menm pa gen anyen mal nan sa, men sa pa anpeche li wont pale sa ak moun pou yo pa pran l pou move moun.
Nan ti echanj nou ak yon pésonaj 40 lane, li di « bagay sa yo (gad pòno ak bat laponyèt) se tankou neg ki masisi ki pa vle moun konnen, yo mèt ap pale bagay la mal avèw la, yo pi pwofesyonèl pase w". Daprè mesye sa a, tout moun degaje yo jan yo kapab.
N ap souliye nan plizyè entèvyou kèk medsen fè nan radyo ak nan televizyon, yo toujou pote presizyon pou di mastibasyon an ede moun nan konn tèt li, se konsa tou li konn aji sou bann gason yo. Li konn fè yo gen bann, se konsa tou li konn diminye sou andirans seksyèl yo. Yo pa janm twò konseye pou ni fi, ni gason pran sa kòm abitid paske li gen gwo konsekans sikolojik sou moun k ap pratike l.
Antouka, malgre tout bagay sa genyen kòm konsekans, sa pa anpeche nèg ak fanm kontinye pran plezi yo nan « Dieu seul me voit", se fason sa anpil ayisyen rele mastibasyon. Daprè kèk nan yo, se yonn nan fason pou yo voye estrès lavi a ale san yo pa deranje pèsonn.
Marvens SÉNÈQUE
PRESSLAKAY