Sosyete: Matisan, zòn wouj kote Leta Ayisyen pa egziste ankò

Sosyete: Matisan, zòn wouj kote Leta Ayisyen pa egziste ankò

Sosyete: Matisan, zòn wouj kote Leta Ayisyen pa egziste ankò

Se pa kounya zòn Matisan, ki twouve l nan awondisman Pòtoprens nan mwens pase 20 kilomèt Palè Nasyonal ap fè pale de li. Depi nan lane 2000 gwo batay pete nan mitan plizyè gwoup bandi nan lokalite sa.

Matisan pa janm sispann fè pale de li menm, lè se pa moun yo kidnape nan zòn sa a, se touye yo touye moun. Lè se pa moun yo touye, se polisye ki pèdi lavi yo nan operasyon pou kwape bandi.
Nan dènye jou sa yo, bandi nan gran ravin, vilaj de dye ak lòt gang nan zòn sila a kidnape plizyè moun epi mande yo plizyè milye ak pafwa plizyè milyon dola oubyen goud. Jiskounya otorite peyi Dayiti yo poko janm deside mete lòd nan dezòd nan zòn sa.

Jou kite premye oktob 2021 an, nan aswè, yon cha blennde lapolis pran pàn nan zòn Matisan. Bandi ouvè katouch sou cha a, yon polisye Inite Depatmantal pou Mete Lòd (UDMO) pèdi lavi l epi yo mete dife nan blennde a. Moun antre Sid kapital la ak lòt depatman ki fè wout sa pou antre Pòtoprens pa konn ki sen pou yo rele.

Manifeste, boule kawotchou, kwaze machin nan wout, di anpil pawòl piman bouk pa janm souke ak leve konsyans otorite yo k ap dòmi, anpil moun mande èske konsyans yo pa mouri. Antouka, n ap souliye se lè bandi yo vle yo bay yon ti chans. Se yo menm ki fè lalwa nan zòn sa a.

Komisarya ki nan zòn nan fèmen aprè yon atak bandi ak gwo zam lagè te fè sou li. Daprè enfòmasyon k ap sikile, bandi yo ta va gen pi gwo zam nan men yo pase Lapolis. Yon enfòmasyon otorite nan tèt Lapolis la pa janm demanti.

Anpil moun nan popilasyon an ap mande kilè y ap rale yon souf ak sitiyasyon sa a. Genyen ki menm regrèt diktati Duvalier yo, paske yo di menm nan dòmi bandi patap ka ap taye banda konsa alevwa pou sa ta fèt nan je klè.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

%d blogueurs aiment cette page :