Abdel Hamid Dbeibah se non premye minis libyen an, ki ra soupsone kòm moun ki ta soumèt fo papye akademik pou patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Libye.
Lwa elektoral nan peyi Libye mande pou yon kandida prezante nan kous pou pòs prezidan, fòk li soumèt yon diplòm etid siperyè, ki se yon kondisyon ki obligatwa pou moun nan kalifye nan kous la.
Premye minis Libye a ki vize fotèy prezidansyèl la, te soumèt, yon mastè nan achitekti li te fè nan inivèsite Towonto. Yon diplòm ki konteste nan peyi Libye. Anpil militan diskredite papye premye minis Abdel Hamid lan. Pou presizyon yo fè konnen aprè konsiltasyon bò kot inivèsite Towonto, administrasyon inivèsite a pran rekil sou sa e fè konnen Abdel pa t diplome nan inivèsite Towonto.
Pou defann li, premye minis lan fè konnen se yon konbit ki fèt pou dezapwouve repitasyon lak imaj li, daprè pwopo l ki rapòte nan RFI.
Papye Abdel yo pa sèlman konteste pou Towonto, menm yon inivèsite nan peyi kanada ta pran distans tou ak papye diplòm premye minis libyen an. Toujou daprè sa jounal la rapòte.