Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), nan yon nòt, anonse l ap rekrite Etidyan finisan nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) epi nan Fakilte Dwa Syans Ekonomik (FDSE) pou yo jwe wòl Asistan Editoryal nan kad elaborasyon yon diksyonè tèminoloji jiridik.

Sila yo ki enterese dwe pote prèv yo se yon etidyan finisan (ki nan dènye ane fòmasyon oswa ki konplete pwogram etid li nan domèn lengwistik ak dwa. Gen abilte pou travay ak lojisyèl Microsoft Office Word, Excel, Powerpoint. Konpreyansyon Potoshop osinon Corel Draw; Gen konesans nan lòt domèn Syans Imèn.
Chak kandida dwe pote kourikoulom vite, yon lèt motivasyon, yon lèt rekòmandasyon yon otorite akademik, Fotokopi dokiman (atestasyon, diplòm, sètifika) ki pwouve pwofil kandida a satisfè egzijans AKA.
Dat limit pou soumèt dosye yo se mèkredi 27 avril 2022 anvan 3:00 nan aprè midi 31, Ri Babyòl lokal Fany Villa, Biwo pwovizwa Akademi an.