Kore Nò ap komemore depi ayè vandredi 17 desanm nan 10zyèm dat ki make lanmò ansyen chèf leta koreyen an Kim Jong II. Nan lide pou komemore dat sa yon fason senbolik, otorite peyi sa entèdi moun ri, selebre oubyen montre kèlkeswa siy ki sinonim jwa.
Ansyen chèf leta koreyen an te dirije peyi sa sòti 1994 pou rive nan lane 2011, se ane sa li ta pral mouri ak laj 69 lane, aprè yon kriz kadyak. Lanmò sa ki te bay Kim Jong Un, pitit li, opòtinite pou ranplase l epi dirije peyi sa depi aprè l mouri.
Ane sa, komemorasyon an ap dire 11 jou kote okenn moun pa gen dwa ni ri epi montre siy kè kontan. Menm si yon manm nan fanmi w ta mouri pandan peryòd sa ou pa gen dwa kriye. Menm dat anivèsè w ou pa dwe selebre.
11 jou komemorasyon an se yon chif ki chwazi pou make 11 lane lanmò ansyen chèf leta. Poutan, koutim nan se toujou 10 jou dèy li òdone.
Dirijan Nò koreyen an montre plis chak jou li pa jwe devan lwa li etabli. 11 moun ki te pran plezi gade K-Pop ki se yon varyete mizik Kore Sid te ekzekite sou plas piblik pa twò lontan sa.