Dènye ane sa yo, anpil jèn toujou pran plezi fimen sigarèt elektwonik tankou chicha lè yo nan pwogram, an gwoup, san vrèman konnen ki konsekans sa ka gen sou yo. Nan yon ti pale ak jèn etidyan nan medsin, David Laurangilles, li te bay dizon l sou koze sa atravè anpil eksplikasyon.
Kisa ki vapotaj la ?
Vapotaj se lè yon moun rale vapè yon sigarèt elektwonik oubyen lòt aparèy vapotaj.
Kisa ki sigarèt elektwonik la?
Yon sigarèt elektwonik se yon aparèy ki pran pil oubyen ki rechajab ke moun kapab itilize l pou fimen. Li gen ladan l sa yo rele katouch, ki la pou kenbe yon likid ki gen ladan l plizyè sibstans tankou : nikotin, awòm, ak lòt pwodwi chimik. Aparèy la chofe likid sa, pou transfòme l an yon vapè pou moun nan rale l.
Aparèy sa ki vin itilize anpil nan sosyete nou an, sitou bò kot jenès la, gen anpil efè segondè li ka fè sou sante yon moun e ka menm rive voye w nan peyi san chapo. Si nou refere nou ak eksplikasyon Doktè David LAURANGILLES yo.
Ki efè segondè sigarèt elektwonik gen sou sante yon moun ?
Jèn medsen an eksplike " Anpil nan konsekans li genyen, se sou moun ki gen lontan y ap fimen sigarèt elektwonik". Doktè a refere l ak dènye etid yo ki rapòte ke kapab gen domaj grav nan poumon e menm koz lanmò. Nikotin kapab afekte devlopman sèvo a, epi anpeche yon moun konsantre .
Li kapab fè efè sou konpòtman moun nan epi moun nan vin difisil pou kontwole enpilsyon l, lè l nan laj granmoun. Li ajoute ke etid yo rapòte yon moun ki vaporize gen plis chans pou l al fè eksperyans ak lòt pwodwi ki gen rapò ak tabak, tankou sigarèt regilye, siga, pip ak plizyè lòt sibstans.
Doktè David eksplike ke "vapè ki nan sigarèt elektwonik yo pa fèt ak dlo". Vapè sa, daprè doktè a, gen pwodwi chimik ki vrèman danjere. Toksin ki se yon pwazon pou kò a, se yon konpozan de likid ki nan sigarèt elektwonik lan.

Èske vapè ke moun k ap fimen an pouse a kapab fè efè sou yon moun ki respire l ?
Doktè Laurangilles eksplike ke moun k ap respire vapè a, konn menm rive rale plis ke moun k ap fimen an. Sou teyori sa li apiye pou l di wi moun sa kapab sibi tou de konsekans li te site avan yo.
"Pa gen diferans ant sigarèt elektwonik ak yon sigarèt natirèl". Presizyon doktè a. Men tou li eksplike ke " sa pral depan de nivo konsomasyon an". Sigarèt elektwonik lan, akoz de savè li epi sant agreyab li genyen, fè moun k ap konsome l la konsome l plis, ki diferan de moun k ap itilize sa ki natirèl la. Se rezon sa tou ki fè ke moun k ap itilize aparèy elektwonik lan plis gen chans pou asime konsekans yo pi vit.
Poukisa yon moun ta dwe sispann fimen ?
Doktè David Laurangilles, bay kèk rezon ki fè yon moun ta sipoze sispann fimen. "Pou w rete epi viv an sante, genyen yon vèsyon orijinal de ou menm".
Si pou anpil moun fimen se yon mwayen pou evite panse ak pwoblèm oubyen tou yon fason pou yo santi y ap jwi moman yo. Yon lòt kote pratik sa tou kapab mete dlo nan je w, pwòch epi fanmi w pi devan. Pou rezon senp sa, doktè a envite moun konsène yo, si yo vle kite pratik sa, pou yo detèmine epi jwenn sipò kèk pwòch pou ede yo mete fen ak pratik sa.
Maxime Louissaint.