Jounen jodi a fè sèks (bagay) nan tou dèyè sa yo rele "sodomi" nan lang fransèz la vin pi frekan chak jou pi plis. Daprè yon sondaj ki te fèt nan peyi Lafrans nan lane 2020, li revele genyen plis pase 50% nan moun yo kesyone ki deklare yo fè sa déjà menmsi se yon fwa nan vi yo.

Daprè pwoktològ Laurent Abramowitz ki se prezidan Gwoup Rechèch Sosyete Fransèz Pwoktoloji (SNFCP), kontrèman avèk sa anpil moun konn imajine oubyen gen nan lide yo, fè bagay nan tou dèyè pa ogmante risk pou moun fè maladi ki rele emowoyid la.
Pi devan nan entèvansyon li an nan yon atik ki pibliye sou sit entènèt Passeport santé, espesyalis la fè konnen malgre pratik sa pa ogmante risk pou moun fè maladi emowoyid, men risk pou pran enfeksyon yo ogmante paske nan tou dèyè gen anpil viris ak bakteri ki la.
Aprè sa, li fè konprann pratik sa rann li pi fasil pou moun pran nan sifilis, gonokoksi, epatit B ak C, viris sida elatriye. Se poutèt sa, li toujou pi bon pou moun ki nan pratik sa toujou mete kapòt lè y’ap fè sa depi nan kòmansman jouk yo fini.
Espesyalis Laurent Abramowitz fè konprann li pa bon pou aprè moun nan fin fè sa pou l fè penetrasyon vajinal oubyen felasyon (ti bèf) paske gen viris ki konn rete nan kapòt la, sou peni gason an ak nan dwèt li yo sa ki ka lakòz moun yo pran enfeksyon. Pou moun nan ta fè sa, fòk li lave pati entim li epi chanje kapòt li t ap sèvi a.
Konsekans ak risk ki gen nan fè zonyon pa diferan de fè sèks nan tou dèyè a. Anpil fwa yo rele li anulingus, ki vle di bouch nan tou dèyè. Nan lane 2019, daprè yon sondaj ki te fèt 15% nan fanm yo kesyone sou fè zonyon (anulingus) fè konnen yo konn abitye fè sa pou patnè seksyèl yo. 26% nan yo fè konnen patnè yo konn fè sa pou yo.
Daprè menm ankèt sa, 21% nan fanm sa yo se gwo kad ak pwofesyonèl entèlektyèl. Selman 9% nan yo ki se senp ouvriyèz. Nan koze fè zonyon Doktè Higuero fè konnen gen gwo risk pou moun ki nan pratik sa kontamine de tenya akòz ze vè sa gendwa ponn nan dèyè moun y ap fè sa pou li a.
Doktè a di moun k ap fè pratik sa kapab kontamine nan lang. Pwofesyonèl sante a fè konnen yon moun paka pran sida nan fè zonyon, sèlman si moun nan gen yon ti blese ki jwenn ak san.
Sous rechèch yo : Le journal des femmes santè, Passeport santé, Wikipedia.
Marvens SÉNÈQUE
marvensseneque0@gmail.com
PRESSLAKAY