Fason sitiasyon peyi a ap degrade chak jou pi plis la bay kè sote sitou ak zak ensekirite yo ki pa sispann fè dlo koule nan zye popilasyon an. Nan sans sa, Mouvman Nasyonal pou Transparans (Toutouni) di li kwè dwe genyen yon chita pale ant tout aktè yo pou rive siyen yon akò global pou 25 lane k ap vini yo pou pèmèt peyi a jwenn chimen lapè, estabilite ak pwogrè.
Nan yon deklarasyon yo mete deyò ayè jedi 25 Mas la, manm estrikti politik sila ki fòme sitou ak jenn fanm, jenn gason sou inisyativ Jorchemy Jean Baptiste ak Pascal Adrien, fè konnen depi apre rejim diktati Jean Claude Duvalier a pa janm gen okenn plan ki elabore pou peyi a, pwoblèm sosyete a pa janm poze tout bon, se sa ki mete nou nan tout kalamite sa yo.
Nan sans sa, Mouvman Nasyonal pou Transparans (Toutouni) mande yon kanpe, yon kanpe pou nou chita, chita pou nou pale, pou n adopte ansanm yon gwo akò global sou kijan pou nou rive kreye estabilite, lapè ak pwogrè pou 25 lane k ap vini yo, daprè sa yo di.
Nan deklarasyon sa Mouvman Nasyonal pou Transparans fè yon gwo rale sou sitiyasyon peyi a soti nan lane 1986 pou rive nan lane 2021 sa pou montre tout kalite lit nou mennen men ki sèlman toujou vize enterè klan politik nou, lit ki vize pran pouvwa men san bati yon plan pou tout pitit peyi a kapab viv byen, nan diyite.
Jodia li klè okenn gwoup, sektè, aktè politik paka sove peyi a pou kont pa yo. Dwe gen yon tèt ansanm, tout pitit peyi a nan tout nivo dwe chita pale antre yo. Nou rive nan dènye bout la. Fòk nou dakò chita yonn ak lòt pou nou mete nou dakò sa ki kòz malè nou kòm pèp, pou nou fikse responsabilite yo epi pran dispozisyon pou nou relanse sou yon lòt baz.
Sitiasyon sosyal ak politik peyi a ap vin pi grav chak jou. Ensekirite a ap vale teren, nèg ak zam se sèl kòk chante. Tout enstitisyon yo menm Lapolis fin kraze, peyi a divize. Yon sitiyasyon ki sanble pa enkyete rejim ki sou pouvwa pwiske se Konstitisyon, Eleksyon ak Elektrisite ki priyorite yo, ki nan bouch yo chak jou. Pandan tan sa, pitit pèp la ap mouri chak jou, peyi a tounen yon labatwa. Yon lòt kote, opozisyon politik la kanpe sou mobilizasyon pou fòse rejim nan kite pouvwa a paske manda prezidan Jovenel Moïse fini depi 7 fevriye pase. Men Li klè se sèl chita pale ki ka evite peyi a plonje pi fon nan labou a.
Francky Belfort