Jounalism rezime kòm yon aktivite pou chache, kolekte, verifye enfòmasyon, e pou kòmante kèk fè epi pou transmèt li bay yon piblik sou yon medya, nan respè dewotontoloji a. Metye sa ki se yon metye sansib epi vrèman lejitim ap sibi sa yo rele banalizasyon depi plizyè ane, sitou ak prezans rezo sosyal ki gen yon pakèt dasomann ak fèzèyis ki itilize non jounalis pou chache popularité epi fè veyikile yon bann rimè san objektif.
Ki wòl yon jounalis pwofesyonèl ? Kisa ki idantifye kalite l kòm yon vrè pwofesyonèl ?
Wòl yon jounalis avan tou se fòme ak enfòme yon sosyete, pandan l aranje l pou l enfòme tèt li avan pou sa l ap pote yo ka de kalite. Jounalis la idantifye tèt li kòm yon vrè pwofesyonèl, se nan jan l trete enfòmasyon, fason l kolekte yo, epi enfòme san dezenfòme moun k ap swiv li yo, oubyen medya li afilye a. Kalite sa yo toujou idantik nan jounalis sa.
Metye jounalis la ki jodia vin banalize, sitou nan sosyete nou an (AYITI), akoz anpil fèzèyis ak dasomann ki san okenn fòmasyon nan domèn nan epi san objektif itilize rezo sosyal yo pou fè sikile tout kalite enfòmasyon bannal nan lide pou fè "buzz" epi chache viziblite ki lakoz anpil deriv nan sektè a. Men nou pa di tou ke yon jounalis pa gen dwa fè bòz «men ak respè pou etik yo».
Se pa sèlman dasomann yo ki konplis nan deriv ke près la ap afwonte jounen jodia. «Metye jounalis la grandi anpil, sitou gras ak plis moun ki ap etidye l epi pwofese l, (ki pat konsa lontan)», daprè konsta Dimitry Charles ki se redaktè nan "Juno7" epi responsab ajans an liy PressLakay.
Konplisite patwon Medya yo !!!
Anpil patwon medya konplis nan nan deriv sa jounen jodi a. Yo bay moun ki pa gen kapasite pou fè metye a sou fòm ti zanmi, sa ki vin koz gen sa yo rele trivyalite, manke etik, moun sa yo manipile lopinyon pa konsekans, podyab sosyete a swiv anpil moun sa yo ki di yo se swadizan jounalis k ap sal idantite metye. Sosyete a (inosan) yo reyaji a tò oubyen rezon parapò ak sa moun sa fèzèyis yo ap veyikile.
Èske teknoloji a konplis nan deriv sa ?
Toujou daprè Dimitry Charles, « koze teknoloji rezo sosyal yo pa yon pwoblèm. Menm jan an, yon moun pa jounalis, men ki gen yon telefòn entèlijan, laptòp, tablèt, ou pa ka anpeche l bay enfòmasyon». Kesyon an se "Èske enfòmasyon yo kredib ? Se la jounalis pwofesyonèl la dwe fè wè idantite l kòm yon jounalis ki swiv etik yo. Daprè redaktè Dimitry, meyè solisyon an dwe kòmanse nan medya yo ki pou estriktire tèt yo pou rete fyab, epi jounalis wèb yo tou ki pou fòme tèt yo plis, byen trete enfo yo epi pa kite dasomann anpare yo de metye a sou nèt la. Estritire se nan fè bon kòlèk enfo yo, kalite travay la ak yon sous kredib, pou fasilite entènot yo gen entèlijans pou dekante vrè ak fo enfòmasyon. Konsa metye a ap vin mwens banalize ak swadizan jounalis fèzèyis ak dasomann yo.
Rezo sosyal yo, pou la près !!!
Pou la près, prezans rezo sosyal yo se yon bon bagay, yo pèmèt enfòmasyon yo ale pi vit epi touche plis moun. Pou rezon sa vin gen sa yo rele "près nimerik" ki tou vin wè tou prezans anpil medya an liy, pandan tou fèzèyis pwofitè yo toujou la anba anba, depi yo gen yon ti bout telefòn ki resan, yo jounalis ,!!! Yo se pwazon pou sektè a. «Li fasil pou demaske yo, lè yo prezante kòm jounalis, mande yo ak ki medya yo afilye, si se yon "freelance" fè l ba w prèv sa l pwodwi e vann ak lòt medya. Si se yon medya, verifye si l gen sit, paj Facebook, Twitter, Instagram, epi si gen kontni, si enfo yo byen trete» toujou daprè kolaboratè "AC Milan Zone" nan.
Metye sa k ap pèdi nòblès nan sosyete mande sipò konsène metye a tankou, patwon medya yo ki dwe fè chwa de moun ki gen kapasite epi k ap respekte etik metye a, ede tou pou jounalis yo lib pou ekzèse metye, sa vle di pa pran lajan nan men "Boss", sektè, paske lè sa ou pral tonbe nan sa yo rele "kominikasyon koutizàn", w ap pèdi kredibilite w epi w ap parèt kòm rize.
Jounalis yo tou dwe kontribiye, se toujou nan rete nan yon kad pwofesyonèl. Pa priyorize "buzz" pou yo pa pèdi ekilib la, se pran tan nou ak san nou pou nou byen kolekte enfòmasyon yo, toujou fòme tèt nou, epi toujou swiv moun ki anndan metye a ki respekte dewontoloji a ki ak motive yo epi tounen yon modèl pou yo.
Si anpil fwa se nou ki responsab zak fèzèyis sa yo nan sektè a, nou dwe kòmanse demake nou de yo, nan lide pou anpeche yo sal imaj nou kòm konstiyan medya oubyen ajans an liy yo. Kredibilite medya ak ajans an liy yo vin san enpòtans nan je anpil moun nan Popilasyon an ak anpil nan medya tradisyonèl yo. Se dewontoloji a ki bousòl la pou kwape deriv yo .
Maxime Louissaint.