Yon kiltivatè ikrenyen vòlè yon cha militè larisi ki te anpàn gaz
Pandan moman gè ant Ikrèn ak Larisi a, dlo kontinye ap koule nan je anpil sitwayen, men konsa tou, anpil sèn komik pa sispann soulaje kèk tristès. Yon kiltivatè Ikrenyen vòlè yon cha blennde fòs militè peyi Larisi ki te tonbe anpàn gaz.

Nan yon videyo ki poste sou medya Cerfia, nou kapab remake yon sòlda Ris k ap kouri dèyè cha sa peyizan Ikrenyen an itilize traktè agrikòl li a pou rale api l ale avè l.
Aksyon sa rive aprè cha te tonbe anpàn nan yon kwen pwovens peyi Ikrèn. Yon jès ewoyik ki pa sispann epate moun. Agrikiltè sa nan fason pa l defann peyi l pandan l detounen yon materyèl militè ki te nan wout pou al fè fas ak fòs militè peyi natal li.
N ap raple w afwontman yo pa sispann ant 2 peyi yo. Fòs militè Larisi yo deja pozisyone yo nan distans 150 kilomèt vil kyèv. Gouvènman Poutine nan fè konnen l ap atenn objektif li, nan youn nan fason sa yo, dyalòg oubyen gè.