Plis pase 100 moun te tonbe malad apre yon epidemi norovirus ki deklare sou bato kwazyè Caribbean Princess, pandan yon vwayaj nan Karayib la ki te kòmanse 28 avril 2026 epi ki ta dwe fini 11 me 2026.
Dapre Sant ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo (CDC), 102 pasaje ak 13 manm ekipaj te rapòte sentòm, prensipalman dyare ak vomisman.
Norovirus se yon viris ki gaye fasil anpil, ki konn pwovoke yon maladi gastroyentestinal ki karakterize pa vomisman, dyare, kranp nan vant, anvi vomi, feblès, maltèt, doulè nan kò, ak pafwa yon ti lafyèv. Li ka frape moun tout laj, men li sitou danjere nan kote ki gen anpil moun ansanm bato kwazyè, lekòl, lopital, mezon retrèt, restoran ak sant akèy.
Sentòm yo konn parèt ant 12 ak 48 èdtan apre yon moun kontakte viris la, epi yo dire anjeneral ant youn ak twa jou. Pifò moun refè san tretman patikilye, men timoun piti, granmoun aje ak moun ki gen pwoblèm sante deja ka soufri dezidratasyon grav akoz vomisman ak dyare.
Transmisyon an ka fèt lè yon moun manje oswa bwè yon bagay ki kontamine, lè li manyen yon sifas enfekte epi li mete men li nan bouch li, oswa lè li gen kontak dirèk ak yon moun ki deja malad. Viris la ka pwopaje fasil nan twalèt, chanm, kabin bato, sal manje ak lòt espas kote anpil moun sikile.
Pa gen okenn tretman antiviral spesifik kont norovirus. Pi bon repons medikal la se evite dezidratasyon : moun ki malad dwe bwè ti gòje dlo souvan, pran solisyon reidratrasyon oral si sa disponib, epi repoze. Nenpòt siy grav moun nan pa ka kenbe dlo, anpil sèchès nan bouch, tèt vire, pipi ra oswa fonse, gwo feblès, san nan poupou, oswa sentòm ki pa amelyore mande konsiltasyon medikal san reta.
Pou limite pwopagasyon viris la, espesyalis yo rekòmande lave men souvan ak savon ak dlo pandan omwen 20 segonn, espesyalman apre sèvi ak twalèt, apre chanje kouchèt, anvan manje ak anvan prepare manje. Moun ki malad pa dwe prepare manje pou lòt moun, ni pran swen lòt moun, jiskaske 48 èdtan pase apre dènye sentòm yo fin disparèt.
Lòt mezi pwoteksyon enkli : lave fwi ak legim nèt, kwit fwi lanmè akonpli, dezenfekte sifas ki kontamine yo, epi lave rad, dra ak sèvyèt ki ekspoze ak vomisman oswa poupou. Sou Caribbean Princess, otorite yo endike yo te ranfòse nèt mezi netwayaj, izolasyon ak dezenfeksyon pou frennen pwopagasyon viris la.