Nan prezans plizyè otorite depatmantal ak kire ki soti nan plizyè pawas nan depatman an, tankou ansyen senatè Ronald Lareche, Delege depatmantal nodès la, Moïse Charles Pierre
Se Monseyè Quenel Alphonse ki te prezide seremoni an, nan Omeli sikonstans la Monseyè Quenel mande gras pou Popilasyon ayisyèn nan ki paka viv byen nan pwòp teritwa yo, li mande pou tout kouch nan sosyete a mete Tèt yo ansanm pou sove peyi a.Se nan lapè, fratènite ak pataj nap Jwenm rezilta nap cheche nan peyi a.
Evèk Quenel Alphonse mande kretyen katolik pou kontinye pataje sa yo gen ak lòt ki nan bezwen yo pandan l swete rès ane 2024 pote anpil enèji Pozitif lakay chak grenn Ayisyen kap viv andedan Peyi a.