15 ANE LAVI, 15 ANE BATAY, 15 ANE NOU LA!

15 zyèm anivèsè Ajans PRESSLAKAY

Nan yon peyi kote chak klik gen kouraj, chak mo pote chay, nou se vwa ki pa janm fennen.

Depi 2 out 2010, nou deside pa swiv ,nou kreye, nou eklere, nou pwovoke refleksyon. Media sa, se pa sèlman yon platfòm: se yon mouvman, se rezistans dijital, se espwa ki pa bezwen Wi-Fi pou limen flanm nan.

Mèsi pou chak like, chak pataj, chak kòmantè ki kontinye pote flanm nou pi lwen. Mèsi pou chak moun ki kwè ke verite merite espas, ke Ayiti gen vwa ki ka depase limit.

Nou pa sèlman selebre 15 ane. Nou selebre fòs ou, vizyon nou, ak fiti ki deja ap rache baryè.

Menm si tan an pase… nou toujou la.

presslakay.net

Ekip Medya a

LIRE AUSSI

Leave a Comment

PressLakay